Zacharie 13

13
1“Nan jou sa a, va gen yon fontèn dlo ki #Jr 2:13 va ouvri pou lakay David, e pou sila ki rete Jérusalem yo, pou #Sòm 51:2,7 peche ak salte.
2“Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire #Jr 23:14,15pwofèt yo ak #I Wa 22:22 lespri pa pwòp la soti nan peyi a. 3Lè yon moun va pwofetize, alò, papa l ak manman l ki te fè l la va di li: ‘Ou #Det 18:20p ap viv, paske ou #Jr 23:35 pale sa ki fo nan non SENYÈ a.’ Konsa, papa li ak manman li ki te fè l la, va fwennen l lè li pwofetize. 4Anplis, li va vin rive nan jou sa a, ke tout pwofèt yo va #Jr 6:15 vin wont de vizyon yo fè, lè yo ap pwofetize. Yo p ap mete gwo wòb fèt an pwal pou twonpe moun; 5men yon pwofèt va di: ‘Mwen #Am 7:14 pa yon pwofèt; mwen se yon kiltivatè tè a, paske mwen se yon sèvitè atache nèt depi mwen jèn.’ 6Konsa, yon moun va vin di l: ‘Ki blesi sa ki #II Wa 9:24 nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blesi ke mwen te pran lakay zami mwen yo.’
7“Leve, O nepe, kont #És 40:11 bèje Mwen an,
e kont nonm nan ki byen pre M,”
deklare SENYÈ dèzame yo.
Frape bèje a pou mouton yo ka gaye;
epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.
8“Sa va vin rive nan tout peyi a” deklare SENYÈ a,
“Ke #És 6:13de pati nan li va vin koupe retire pou l mouri;
men twazyèm pati a va rete ladann l.
9“Konsa, Mwen va mennen fè pase
twazyèm pati a nan dife.
Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan,
e pase yo a leprèv tankou lò.
Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo.
Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’,
e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”#És 48:10

Chwazi Kounye ya:

Zacharie 13: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte