Zacharie 10

10
1Mande pou #Jl 2:23 lapli ki sòti
nan SENYÈ a nan epòk prentan.
Se SENYÈ a ki #Jr 10:13fè nwaj tanpèt yo;
epi se Li ki bay lapli lejè a tout
pou jaden plant yo.
2Paske #Éz 21:21 zidòl lakay yo pale inikite;
# Jr 27:9 divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè,
ke yo repete kòn fo rèv.
Yo bay rekonfò an ven.
Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;
yo aflije akoz yo pa gen bèje.
3Kòlè #Jr 25:34-36 Mwen limen kont bèje yo.
Mwen va pini mal kabrit yo,
paske SENYÈ dèzame yo te #Éz 34:12vizite
bann mouton li an lakay Juda,
e Li va fè yo vin tankou cheval
majeste Li nan batay la.
4De li menm, va vin parèt #Luc 20:17wòch ang lan,
de li menm, pikèt tant lan,
de li menm, banza batay la,
de li menm, tout wa yo ansanm.
5Yo va tankou mesye pwisan yo,
k ap #II Sam 22:43foule lènmi yo anba pye yo,
nan labou lari a nan batay la.
Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo;
epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.
6Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va
sove lakay Joseph la, e
mwen va #Za 8:8 fè yo retounen;
paske Mwen gen #És 54:8konpasyon pou yo.
Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo,
paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo,
e mwen va reponn yo.
7Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan
e kè yo va kontan konsi se ak diven.
Anverite, pitit yo va wè sa,
e yo va kontan,
kè yo va rejwi nan SENYÈ a.#És 54:13
8Mwen va soufle pou yo
pou yo kab vin rasanble yo,
paske Mwen te rachte yo.
Konsa, yo va vin #Jr 33:22anpil,
# Éz 36:11 jan yo te ye oparavan an.
9Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo,
yo va #I Wa 8:47,48sonje Mwen nan peyi lwen yo.
Yo va viv ak pitit yo,
e yo va retounen.
10Mwen va mennen yo retounen
soti nan peyi Égypte la,
e rasanble yo soti Assyrie.
Mwen va mennen yo antre nan peyi
# Jr 50:19 Galaad ak Liban jiskaske #És 49:19,20 pa gen espas pou yo.
11Li va pase nan #És 51:9,10 lanmè afliksyon an,
e Li va frape lanm lanmè yo,
jiskaske tout pwofondè #És 19:5-7 Rivyè Nil lan vin sèch.
Epi ògèy Assyrie va vin bese e
baton Égypte la va sòti.
12Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a.
Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.#Mi 4:5

Chwazi Kounye ya:

Zacharie 10: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte