Zacharie 1

1
1Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a #Esd 5:1Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a #Né 12:4,16 Iddo a. Li te di: 2“SENYÈ a te #II Kwo 36:16 fache anpil anpil avèk zansèt nou yo. 3Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: #És 31:6 “Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo. 4“Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo #Jr 6:17 pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.#És 1:16-19 5#Lam 5:7Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi #Jn 8:52 pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan? 6Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo?
“Konsa yo te repanti, e te di: #Lam 2:17 ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”
7Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa: 8Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon #Za 6:2cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval #Rev 6:2 blan.
9Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?”
Epi #Za 2:3 zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.”
10Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè #Job 1:7 patwouj sou latè.”
11Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen #És 14:7 tout tè a kalm. Li gen lapè.” 12Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, #Sòm 74:10 pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan #Jr 25:11 swasann-dis ane sila yo?”
13SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.#És 40:1,2 14Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: “Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Mwen #Za 8:2 jalou depase pou Jérusalem ak Sion. 15Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki #Sòm 123:4; Am 1:11 alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.” 16Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap #És 54:8-10retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. #Esd 6:14,15 Kay Mwen an va bati ladann l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.”’
17“Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: #És 44:26 “Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e #Za 2:12 chwazi Jérusalem ankò.”’”
18Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn. 19Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye?”
Li te reponn mwen: “Sa yo se #I Wa 22:11 kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo.” 20SENYÈ a te montre mwen kat #És 44:12 gwo bòs fòjewon. 21Mwen te di: “Se kisa sa yo ap vin fè?” Epi li te di: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou #Sòm 75:10 fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a.”

Chwazi Kounye ya:

Zacharie 1: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte