Sòm Yo 98

98
Yon Sòm
1O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy.
Men dwat Li ak #És 52:10 bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.
2SENYÈ a te fè sali Li rekonèt.
Li te #És 62:2devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè.
3Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël.
4Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè!
Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!
5Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap,
avèk ap ak #És 51:3 vwa melodi a.
6Avèk #Nonb 10:10 twonpèt ak son a kòn.
Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.
7Kite #Sòm 96:11 lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann,
Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo.
8Kite #Sòm 93:3 larivyè yo bat men yo.
Kite mòn yo chante ansanm ak jwa
9devan SENYÈ a,
paske l ap vini pou jije latè.
Li va jije lemonn ak ladwati Li
E #Sòm 96:10pèp yo avèk jistis.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 98: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte