Sòm Yo 106

106
1Louwe SENYÈ la!
O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,
paske #I Kwo 16:34-41lanmou dous Li an se pou tout tan.
2Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo,
Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?
3A la beni sila ki #Sòm 15:2kenbe jistis yo beni.
Beni se sila ki pratike ladwati nan tout tan yo!
4Sonje mwen, O SENYÈ, nan #Sòm 44:3favè Ou anvè pèp Ou a.
Vizite mwen avèk sali Ou,
5pou m kab wè sila ke Ou te chwazi yo #Sòm 1:3byen reyisi;
pou m kab rejwi nan kè kontan a nasyon Ou an,
pou m ka bay glwa de eritaj Ou.
6Nou te peche menm jan #II Kwo 30:7 ak papa zansèt nou yo.
Nou te fè inikite; nou te aji mal.
7Papa zansèt nou yo an Égypte pa t konprann mèvèy Ou yo.
Yo pa t sonje lamou dous Ou,
men yo te #Egz 14:11-12fè rebèl bò lanmè a, nan Lanmè Wouj la.
8Sepandan, Li te sove yo pou koz non Li,
pou L te kab #Egz 9:16 fè pwisans Li rekonèt.
9Konsa, Li te repwoche Lanmè Wouj, e li te vin sèch,
Li te #És 63:11-13mennen yo pase nan fon yo,
menm jan yo te pase nan dezè a.
10Konsa, Li te #Egz 14:30sove yo depi nan men a sila ki te rayi yo,
e te rachte yo soti nan men a lènmi an.
11 # Egz 14:27-28 Dlo yo te kouvri advèsè yo.
Nanpwen nan yo ki te rete.
12Nan lè sa a, yo te kwè nan pawòl Li yo.
Yo te chante lwanj Li.
13Men byen vit, yo te #Egz 15:24bliye zèv Li yo.
Yo pa t tann konsèy Li,
14men yo te vin gen #Nonb 11:4gwo anvi nan savann nan,
e te pase Bondye a leprèv nan dezè a.
15Pou sa, Li te #Nonb 11:31ba yo sa yo te mande a,
men te voye yon maladi epwizan pami yo.
16Yo te vin #Nonb 16:1-3jalou a Moïse nan kan an,
ak Aaron, fidèl sen a SENYÈ a.
17Akòz sa a,#Nonb 16:32tè la te louvri vale Dathan,
epi te anglouti tout konpanyen Abiram yo.
18Konsa, yon gwo #Nonb 16:35dife te vin monte nan mitan konpanyen yo.
Flanm nan te manje mechan yo.
19Yo te #Egz 32:4fè yon jèn bèf nan Horeb.
Yo te adore yon imaj fonn.
20Yo te #Jr 2:11fè echanj glwa yo pou imaj a yon bèf ki manje zèb.
21Yo te #Sòm 78:11bliye Bondye, sovè yo a,
ki te fè gwo bagay an Égypte yo,
22 # Sòm 105:27 mèvèy nan peyi Cham yo, ak bagay mèvèy bò Lanmè Wouj la.
23Akoz sa, Li te di Li ta detwi yo,
men se te #Egz 32:11-14Moïse ki te kanpe nan brèch la devan Li,
pou detounen kòlè Li pou l pa t detwi yo.
24Alò, yo te meprize bèl peyi a.
Yo #Det 1:32pa t kwè nan pawòl Li,
25men te #Nonb 14:2plenyen nan tant yo.
Yo pa t koute vwa SENYÈ a.
26Akoz sa, Li te #Nonb 14:28-35sèmante a yo ke Li ta jete yo nan dezè a,
27ke Li ta voye desandan yo pami nasyon yo,
e #Lev 26:33 gaye yo nan peyi yo.
28Yo te vin #Nonb 25:3jwenn yo menm, anplis, ak Baal-Peor,
pou manje sakrifis ki te ofri a mò yo.
29Konsa, yo te #Nonb 25:4pwovoke Li a lakòlè ak zèv yo.
E yon epidemi te kase vin parèt nan mitan yo.
30Epi Phinées #Nonb 25:7te kanpe pou te entèsede,
epi epidemi an te vin sispann.
31Sa a te #Jen 15:6konte a li menm kon ladwati,
pou tout jenerasyon yo jis pou tout tan.
32Anplis, yo te #Nonb 20:2-13pwovoke Li a lakòlè bò dlo Meriba yo,
Jiskaske sa te sòti byen mal pou Moïse sou kont yo.
33Akoz yo te #Nonb 20:3-10fè rebèl kont Lespri Li a,
Li te pale san reflechi avèk lèv li.
34Yo pa t detwi lòt pèp yo, jan #Det 7:2-16SENYÈ a te kòmande yo a,
35men #Jij 3:5-6yo te fè melanj ak nasyon yo.
Yo te aprann abitid yo.
36Yo te sèvi zidòl yo, #Det 7:16ki te devni yon pèlen pou yo.
37Se te menm pwòp fi ak fis yo ke yo #Det 12:31ofri kon sakrifis a dyab yo.
38Yo te vèse san inosan, san a pwop #Det 18:10fis ak fi yo,
ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo.
Peyi a te kontamine nèt ak san.
39Konsa, yo te vin #Lev 18:24pa pwòp nan abitid yo,
e te jwe pwostitiye nan zèv yo.
40Akoz sa, kòlè SENYÈ a te limen kont pèp Li a.
Li te vin rayi eritaj Li a.
41Konsa, #Jij 4:3Li te bay yo nan men a nasyon yo,
pou sila ki te rayi yo vin renye sou yo.
42Lènmi yo, anplis, te oprime yo,
e yo te oblije soumèt anba pouvwa yo.
43Anpil fwa, Li te delivre yo.
Malgre, yo menm te plen rebelyon nan konsèy yo,
e te plonje desann nan inikite yo.
44Sepandan, Li te gade twoub yo lè Li te #Jij 3:9tande kri yo.
45Li te vin #Lev 26:42sonje akò Li pou koz yo menm,
e te vin ralanti selon grandè lanmou dous Li a.
46Anplis, Li te fè yo #I Wa 8:50resevwa mizerikòd Li,
menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo.
47 # I Kwo 16:35-36 Sove nou, O SENYÈ, Bondye nou an.
Ranmase nou pami nasyon yo,
pou bay remèsiman a non sen Ou an,
avèk viktwa ki sòti nan lwanj Ou yo.
48 # Sòm 41:13 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,
pou tout tan jis pou tout tan.
Kite tout pèp la di: “Amen.”
Louwe SENYÈ a!

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 106: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte