Sòm Yo 104

104
1Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran.
Ou #Sòm 93:1abiye avèk bèlte ak majeste.
2Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto.
# És 40:22 Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.
3Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo.
Li fè #És 19:1nwaj yo sèvi kon cha Li.
Li mache sou zèl van an.
4Li fè van yo vin mesaje Li.
Flanm #II Wa 2:11dife yo se minis Li.
5Li te #Job 38:4etabli tè a sou pwòp fondasyon li,
pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.
6Ou te #Jen 1:2kouvri li avèk fon an tankou yon vètman.
Dlo yo te kanpe anwo mòn yo.
7Ak repwòch Ou, yo te sove ale.
Lè vwa Ou te #Sòm 29:3sone, yo te kouri ale.
8Mòn yo te leve, vale yo te vin fon
nan #Sòm 33:7plas ke Ou te kòmande pou yo a.
9Ou te plase yon #Job 38:10limit pou dlo yo pa ta depase,
pou yo pa retounen kouvri tè a.
10Li fè #Sòm 107:35sous yo vin koule nan vale yo.
Yo koule antre mòn yo.
11Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo.
# Job 39:5 Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.
12Akote yo, zwazo syèl yo va #Mat 8:20poze kay.
Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.
13Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo.
# Jr 10:13 Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.
14Li fè #Job 38:27zèb grandi pou bèt yo e vèdi
pou zèv a lòm nan,
pou li kab fè manje sòti nan tè a,
15e diven ki fè kè a lòm kontan an,
pou li kab fè figi li klere ak lwil,
ak manje ki #Jen 18:5bay soutyen a kè lòm nan.
16Pyebwa a SENYÈ yo bwè dlo jiskaske yo plen,
pye sèd Liban ke Li te plante yo,
17kote zwazo yo fè nich yo.
Sigòy ki fè kay li nan pye sipre yo.
18Mòn wo yo se pou kabrit mawon yo.
Gwo falèz yo se yon kote pou #Lev 11:5 daman yo kache.
19Li te fè lalin nan #Jen 1:14pou sezon yo.
Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.
20Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit,
pou tout #Sòm 50:10bèt forè yo mache toupatou.
21Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo,
e #Sòm 145:15chache manje yo nan men Bondye.
22Solèy la vin leve.
Yo retire yo pou ale kouche nan #Job 37:8tanyè yo.
23Lòm ale fè #Jen 3:19travay li.
Li fè fòs jis lannwit rive.
24O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil!
Nan sajès, Ou te fè tout bagay.
Latè ranpli ak byen Ou yo.
25Genyen #Sòm 8:8lanmè, gran e vast.
Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte
gwo bèt, kòn ti bèt.
26Genyen gwo bato k ap pase ladann, ak
levyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.
27Yo tout ap tann Ou pou #Job 36:31bay yo manje nan lè yo.
28Ou bay yo, e yo ranmase li.
Ou #Sòm 145:16ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.
29Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt.
Ou retire #Jen 3:19lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
30Ou voye #Job 33:4Lespri Ou deyò; yo vin kreye.
Konsa, Ou renouvle fas tè a.
31Kite #Sòm 86:12glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan.
Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.
32Li gade tè a e tè a vin #Hab 3:10tranble.
Li touche mòn yo e yo fè lafimen.
33Mwen va chante a SENYÈ a #Sòm 63:4toutotan ke m ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.
34Kite #Sòm 19:4refleksyon mwen yo fè L plezi.
Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.
35Kite pechè yo vin disparèt sou tè a,
E #Sòm 37:10mechan yo vin pa la ankò.
Beni SENYÈ a, O nanm mwen.
Bay SENYÈ a lwanj!

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 104: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte