Marc 3

3
1 # Mat 12:9-14 Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch. 2Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a #Mat 12:10pou yo ta kapab akize Li.
3Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”
4Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.
5Lè L fin #Luc 6:10gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.
6Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk #Mat 22:16Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.
7 # Mat 12:15,16 Jésus te retire kò l bò kote lanmè a ansanm avèk disip Li yo. Yon gran foul ki sòti Galilée t ap swiv li, ansanm avèk moun peyi Judée yo, 8avèk Jérusalem, Idumée ak lòtbò Jourdain an ak landwa Tyr avèk Sidon. Yon gwo foul moun ki te tande tout sa Li t ap fè, te vin kote Li. 9#Mc 4:1 Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp. 10Paske Li te #Mat 4:23geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab #Mat 9:21touche L.
11E nenpòt lè ke move lespri yo te wè L, yo t ap tonbe devan Li, kriye fò e di: “Ou se #Mat 4:3Fis Bondye a!”
12Konsa, Li te reponn yo #Mat 8:4avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.
13Li te #Mat 5:1monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li. 14Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche, 15e pou yo ta kab gen otorite pou chase move lespri yo: 16#Trav 1:13Simon, ki rele Pierre, 17Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo); 18André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la; 19ansanm avèk Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
20Apre, Li te #Mc 2:1retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.
21#Jn 10:20pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.
22Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se #Mat 10:25Béelzébul menm ki pran L. Li #Mat 9:34chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.
23 # Mat 12:25-29 Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò? 24Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe. 25Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe. 26Si #Mat 4:10Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini!
27 # És 49:24,25 “Men pèsòn p ap kapab antre lakay a yon nonm fò, e piyaje byen li, sof ke premyèman li mare mesye fò a; e apre sa, l ap piyaje kay li.
28 # Mat 12:31-32 “Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè; 29men #Luc 12:10nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”
30Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”.
31 # Mat 12:46-50 Alò, manman Li, avèk frè Li yo te rive kanpe deyò a, yo te voye kote Li e te rele Li.
32Yon foul te chita toupatou antoure L, e yo te di Li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo ap chèche Ou deyò a”.
33Li te reponn yo e te di: “Kilès ki manman M ak frè M?”
34Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: #Mat 12:49Gade, men manman M avèk frè M yo! 35Paske sila ki #Ef 6:6fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M”.

Chwazi Kounye ya:

Marc 3: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte