Marc 12

12
1Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: #Mat 21:33-46“Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi. 2Nan lè rekòlt la, li te voye yon esklav li kote kiltivatè yo pou l ta kapab resevwa kèk nan pwodwi jaden an nan men a kiltivatè yo. 3Konsa, yo te pran li, yo te bat li, e te voye li ale men vid. 4Ankò li te voye yon lòt esklav. Yo te blese li nan tèt, e te maltrete l byen maltrete. 5Epi li voye yon lòt. Sila a yo te touye. E anpil lòt; kèk yo te bat, e kèk yo te touye.
6 “Li te gen youn anplis, yon fis byeneme. Konsa, an dènye lye, li te voye li bay yo. Li te di: ‘Yo va respekte fis mwen an’.
7 “Men kiltivatè rezen sa yo te di youn ak lòt: ‘Sa se eritye a; vini, annou touye l e jete l deyò jaden an, e eritaj la ap vin pou nou!’ 8Epi yo te pran li, yo te touye li, e te jete li deyò jaden an.
9 “Kisa mèt jaden an ap fè? Li va vin detwi kiltivatè rezen yo, e li va bay jaden an a lòt moun. 10Èske nou pa t menm li Ekriti sila a?:
# Sòm 118:22 ‘Wòch ke moun ki t ap bati yo te refize a;
sila a te devni wòch ang prensipal la.
11 # Sòm 118:23 Sa te vin rive soti nan Bondye,
e se yon mèvèy nan zye nou.’?”
12Konsa, yo t ap chache sezi li; malgre yo te pè foul la, paske yo te konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm. Konsa, #Mat 22:22yo te kite Li e te ale.
13Yo te voye kèk nan Farizyen yo ak Ewodyen yo kote Li, pou yo ta kapab pran l nan pèlen avèk pwòp pawòl Li. #Mat 22:15-22; Luc 11:54 14Yo te vini, e te mande L: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite a, e Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite: Èske li pèmi pou peye taks a César; wi, oubyen non?
15“Èske n ap peye, oubyen èske nou p ap peye?”
Men Li menm ki te konnen se ipokrit yo t ap fè, Li te di yo: “Poukisa nou ap tante Mwen? Pote ban m yon denye (kòb jounalye peyi a) pou M gade l.”
16Epi yo te pote l.
Li te di yo: “Se imaj ak non a ki moun ki la a?”
Yo te di Li: “Se pou César”.
17Konsa, Jésus te di yo: #Mat 22:21“Bay César bagay sila a ki pou César yo, e a Bondye bagay ki pou Bondye yo.” E yo te etone de Li menm.
18Alò, #Mat 22:23-33Sadiseyen yo, ki di ke nanpwen rezirèksyon, te vin kote L e te kesyone L. Yo te di: 19“Mèt, Moïse te ekri pou nou ke #Det 25:5‘Si frè a yon nonm mouri, e kite dèyè l madanm li, san li pa gen pitit, ke frè l la dwe pran madanm nan pou fè yon eritye pou frè li a.’ 20Te gen sèt frè; epi premye a te pran yon madanm, e li te mouri san fè eritye. 21Epi dezyèm nan te pran l, e te mouri san kite eritye; epi twazyèm nan menm jan an, 22Epi menm jan an tout sèt yo, san kite eritye. An dènye lye, fanm nan te mouri tou. 23Nan rezirèksyon an, lè yo leve ankò, se madanm a kilès l ap ye? Paske tout sèt yo te genyen l kòm madanm.”
24Jésus te di yo: “Èske se pa pou rezon sa a ke nou twonpe nou an; paske nou pa konprann ni Ekriti yo ni pouvwa Bondye? 25Paske lè yo leve soti nan lanmò, yo p ap marye, ni bay moun nan maryaj, men yo ap tankou zanj nan syèl yo. 26Men konsènan fè ke mò yo leve ankò a, èske nou pa t li nan #Luc 20:37; Egz 3:6pasaj liv Moïse la, devan ti bwa brile a, ke Bondye te pale l e te di l: ‘Mwen menm se Bondye Abraham nan, Bondye Isaac ak Bondye Jacob la’?
27 # Mat 22:32 “Li pa Bondye a mò yo, men a vivan yo. Nou menm nou byen twonpe nou.”
28 # Luc 10:25-28 Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?”
29Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se #Det 6:5 ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a. 30#Det 6:5Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’
31 “Dezyèm nan se sa: #Lev 19:18‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”
32Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke #Det 4:35Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33#Det 6:5; I Sam 15:22E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen nou tankou tèt ou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”
34Lè Jésus te wè ke li te reponn avèk bon konprann, Li te di li: “Ou pa lwen wayòm Bondye a”.
# Mat 22:46 Apre sa, pèsòn pa t tante poze Li okenn lòt kesyon.
35 # Mat 22:41-46 Jésus te kòmanse di pandan Li t ap enstwi nan tanp lan: “Kijan sa rive ke skrib yo di ke Kris la se fis a David la? 36Menm David te di nan Lespri Sen an:
# Sòm 110:1 ‘Senyè a te di a Senyè Mwen an,
chita sou men dwat Mwen,
jouk lè ke M mete tout lènmi Ou yo anba pye Ou.’
37 “David li menm rele Li ‘Senyè’, e nan ki sans Li kapab fis Li?”
# Jn 12:9 Gwo foul pèp la te kontan tande Li.
38 # Mat 23:1-7 Nan enstriksyon Li, Li t ap di: “Fè atansyon kont skrib yo ki renmen mache toupatou ak gwo vètman, e ki renmen resevwa salitasyon ak respè nan mache a, 39ak premye plas nan sinagòg yo, ak pozisyon lonè nan bankè yo, 40#Luc 20:47ki devore kay vèv yo, e pou parèt byen, yo fè gwo priyè. Sila yo ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.”
41 # Luc 21:1-4 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann. 42Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.
43Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a. 44Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen #Luc 8:43pou li viv.”

Chwazi Kounye ya:

Marc 12: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte