Marc 1

1
1Kòmansman bòn nouvèl Jésus Kris la, #Mat 4:3Fis Bondye a. 2Jan li ekri nan Ésaïe, pwofèt la,
# Mat 3:1-11 “Gade byen, Mwen voye mesaje Mwen an pa devan nou,
ki va prepare chemen nou;
3 # És 40:3 Se vwa a youn k ap kriye nan dezè a,
# Mat 11:10; Luc 7:10 ‘Prepare chemen SENYÈ a; fè wout li dwat.’”
4Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou #Trav 13:24preche batèm repantans lan pou #Luc 1:77padon peche yo.
5Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.
6Jean te abiye avèk pwal chamo. Yon sentiwon te antoure senti li, epi manje li se te krikèt avèk myèl sovaj. 7Li t ap preche pou di: “Apre mwen gen youn k ap vini ki pi gran pase m, epi mwen pa menm dign pou m ta bese demare lasèt sandal Li. 8Mwen batize nou avèk dlo, men Li va batize nou avèk Lespri Sen an.”
9 # Mat 3:13-17 Nan jou sa yo, Jésus te sòti Nazareth nan Galilée, e te batize pa Jean nan Jourdain an. 10Nan menm moman ke Li te sòti nan dlo a, Li te wè syèl la vin louvri, e Lespri a kon yon toutrèl te vin desann sou Li. 11Yon vwa te sòti nan syèl la: #Sòm 2:7“Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
12Nan menm moman an Lespri a te pouse Li ale nan dezè a. #Mat 4:1-11 13Konsa, Li te nan dezè a pou karant jou pandan #Mat 4:10Satan t ap tante Li. Li te avèk bèt sovaj yo, epi se zanj yo ki te okipe Li.
14 # Mat 4:12 Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap #Mat 4:23preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15Li te di: #Gal 4:4“Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”
16 # Luc 5:2-11 Pandan li t ap pase bò kote lanmè Galilée a, Li te wè Simon avèk André, frè a Simon an, ki t ap voye yon senn nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye. 17Jésus te di yo: “Swiv Mwen, e M ap fè nou fè lapèch moun.” 18La menm, yo te kite senn yo pou te swiv Li.
19Pi lwen Li te wè Jacques, fis Zébédée a, ak Jean, frè li a, ki t ap repare senn yo nan kannòt la. 20Lapoula Li te rele yo, e yo te kite Zébédée, papa yo, nan kannòt la avèk sèvitè jounalye yo, e te sòti pou swiv Li.
21Yo te ale Capernaüm. Imedyatman nan Saba a, Li te antre nan sinagòg la pou l te kòmanse enstwi.
# Luc 4:31-37 22#Mat 7:28Yo te etone pou jan Li te enstwi a. Paske Li te enstwi kon yon moun ki te gen otorite, e pa kon skrib yo.
23Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò 24pou di: #Mat 8:29“Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye #Luc 4:24Sila ki Sen Bondye a!”
25Konsa Jésus te reprimande L. Li te di l: “Pe la, e sòti nan li!”
26Move lespri a te boulvèse li avèk gwo kriz. Li te kriye ak yon vwa fò, e te kite li.
27Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”
28Byen vit nouvèl la te kouri toupatou nan tout anviwon Galilée a.
29 # Mat 8:14,15 Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.
30Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman an yo te pale avèk Li konsènan li.
31Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.
32 # Mat 8:16,17 Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo. 33Tout #Mc 1:21vil la te rasanble devan pòt la.
34Li te #Mat 4:23geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.
35 # Luc 4:42,43 Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.
36Konsa, Simon avèk sila ki te avè l yo t ap chèche Li. 37Yo te twouve li, e te di L: “Tout moun ap chèche Ou”.
38Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.” 39#Mat 4:23 Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.
40 # Mat 8:2-4 Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.
41Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”. 42Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.
43Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale. 44Li te di li: #Mat 8:4“Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men #Lev 14:1 ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
45Men li te ale deyò e te kòmanse #Mat 28:15pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.

Chwazi Kounye ya:

Marc 1: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte