Michée 3

3
1Konsa, mwen te di:
“Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila
k ap gouvène lakay Israël yo.
Èske nou pa dwe konnen lajistis?#Sòm 82:1-5
2Nou menm ki rayi sa ki bon,
e ki renmen sa ki mal;
ki #Sòm 53:4chire po yo sou kò yo,
ak chè yo soti sou zo yo;
3k ap anplis#Sòm 14:4 manje chè pèp Mwen an,
chire po yo sou yo, kraze zo yo
e #Éz 11:3koupe yo an mòso,
tankou se pou mete nan chodyè,
tankou vyann nan bonm nan.
4Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a,
men Li p ap reponn yo.
Olye de sa, nan lè sa a, Li va #Det 31:17; És 3:11kache figi li a yo menm,
akoz yo te pratike zak ki mechan.”
5Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te #És 3:12 mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.
6Akoz sa, li fènwa #És 8:20-22 sou nou—san vizyon
e fènwa pou nou—san apèsi davni.
# És 59:10 Solèy la va kouche sou pwofèt yo,
e lajounen va vin fènwa sou yo.
7Vwayan yo va wont
e #És 44:25 divinò yo va nan konfizyon.
Anverite, yo tout va #Mi 7:16kouvri bouch yo
akoz Bondye pa reponn.
8Men kanta mwen menm,
# És 61:1-2 mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a,
ak jistis ak kouraj Li,
pou #És 58:1fè Jacob konnen zak rebelyon li an;
menm a Israël, peche pa l la.
9Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo,
ak sila k ap gouvène lakay Israël yo,
ki #Sòm 58:1,2 rayi jistis,
e ki vire tòde tout sa ki dwat,
10Ki #Jr 22:13,17bati Sion ak san koule,
e Jérusalem ak vyolans e enjistis.
11Chèf li yo fè #És 1:23 jijman
pou jwenn sa ki glise anba tab,
e #Jr 6:13prèt li yo enstwi pou kòb,
pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan.
Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a.
Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou?
Okenn malè p ap rive sou nou.”
12Konsa, akoz nou menm,
# Jr 26:18 Sion va vin raboure tankou yon chan,
e #Sòm 79:1Jérusalem va vin yon pil mazi,
e mòn tanp lan va devni
tankou wo plas yo nan forè a.

Chwazi Kounye ya:

Michée 3: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte