Michée 1

1
1Pawòl SENYÈ a ki te adrese a #Jr 26:18 Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.
2Tande, O pèp yo, nou tout!
# Jr 6:19 Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann.
Kite SENYÈ Bondye a vin #És 50:7temwen kont nou;
SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
3Paske gade byen, SENYÈ a ap vin #És 26:21sòti nan plas Li a.
Li va vin desann pou #Am 4:13 foule wo plas latè yo.
4 # Sòm 97:5 Mòn yo fann anba Li;
Vale yo fann tankou lasi devan dife,
tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.
5Tout sa se pou rebelyon a Jacob la
ak pou peche Israël la.
Se kisa ki #Jr 2:19 rebelyon a Jacob la?
Èske se pa #És 7:9Samarie?
Se kisa ki wo plas a Juda yo?
Èske se pa Jérusalem?
6Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil #II Wa 19:25mazi nan yon chan louvri,
tankou yon kote pou plante yon chan rezen.
Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a,
e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.
7Tout #Det 9:21 zidòl li yo va vin kraze nèt,
tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a,
e tout zidòl li yo Mwen va detwi;
paske se pou salè a yon #Det 23:18pwostitiye ke li te ranmase yo,
e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.
8Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò.
Mwen oblije ale #És 32:11 pye atè ak toutouni.
Mwen oblije fè lamantasyon tankou #És 13:21,22chen mawon,
plenyen tankou otrich!
9Paske #És 3:26blesi li a p ap ka geri;
paske li fin rive nan Juda.
Li rive nan pòtay a pèp mwen an,
menm Jérusalem.
10 # II Sam 1:20 Pa pale sa nan Gath.
Pa kriye menm.
Nan Beth-Leaphra mwen te woule
kò mwen nan pousyè.
11Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir;
nan #Éz 23:29 lawont ak toutouni ou.
Moun #Jos 15:37Tsaanan p ap chape.
Plenyen Beth-Haëtsel la:
Li va retire sou ou tout soutyen li.
12Paske moun Maroth vin fèb nan #És 59:9-11tann sa ki bon,
akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a,
rive nan pòtay Jérusalem nan.
13Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun #Jos 10:3Lakis!
Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an—
akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.
14Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath.
Lakay #Jos 15:44 Aczib yo va vin yon #Jr 15:18desepsyon pou wa Israël yo.
15Anplis, Mwen va mennen bay nou sila
k ap pran posesyon nou an,
O nou menm k ap viv nan #Jos 15:44Maréscha yo!
Glwa Israël la va antre menm nan #II Sam 23:13 Adullam.
16Vin #És 22:12chòv nèt;
koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an.
Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg,
paske #II Wa 17:6 yo te ale an egzil kite ou!

Chwazi Kounye ya:

Michée 1: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte