Matthïeu 8

8
1Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li. 2Epi #Mc 1:40-44yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.
3Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman #Mat 11:5lèp la te vin pwòp. 4Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men #Mc 1:44 ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”
5 # Luc 7:1-10 Lè Jésus te fin antre Capernaüm, yon chèf sentiwon Women te vin sipliye Li: 6“Senyè, sèvitè mwen an kouche #Mat 4:24paralize lakay mwen. L ap soufri anpil.”
7Jésus Li te di li: “M ap vin geri li.”
8Men sentiwon an te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri. 9Paske mwen menm tou se yon moun anba #Mc 1:27otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”
10Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël. 11Konsa, Mwen di nou ke anpil moun #És 49:12va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la; 12men #Mat 13:38 fis yo a wayòm lan ap jete deyò nan #Mat 22:13fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.” 13Jésus te di a sentiwon an: “Ou mèt ale. Ke sa fèt pou ou #Mat 9:22,29jan ou kwè a.” Konsa, sèvitè li a te geri nan menm lè sa a.
14 # Mc 1:29-34 Lè Jésus te antre lakay Pierre, Li te wè bèlmè li kouche malad sou kabann li avèk lafyèv. 15Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li. 16Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun #Mat 4:24ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te #Mat 4:23geri tout malad yo. 17Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: #És 53:4“Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”
18Lè Jésus te wè yon foul t ap antoure l, #Mc 4:35Li te pase lòd pou pati ale lòtbò lanmè a.
19 # Luc 9:57-60 Yon sèten skrib te parèt. Li te di L: “Mèt, m ap swiv ou nenpòt kote ou ale.”
20Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men #Dan 7:13Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”
21Yon lòt nan disip Li yo te di Li: “Senyè, kite mwen premyèman ale antere papa m.”
22Men Jésus te di li: #Mat 9:9“Swiv Mwen. Kite mò yo antere mò parèy yo.”
23 # Mc 4:36-41 Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li. 24Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi. 25Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”
26Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, #Mat 6:30moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
27Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
28 # Mc 5:1-17 Lè li te rive lòtbò nan peyi Gadarenyen yo, de moun ki te gen move lespri te rankontre li pandan yo t ap soti nan tonm yo. Yo te tèlman vyolan ke pèsòn pa t kapab pase nan chemen sa a. 29Epi yo te kriye e te di: #Jij 11:12“Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?” 30A yon distans, te gen yon bann kochon ki t ap manje. 31Epi lespri yo te kòmanse sipliye Li konsa: “Si ou ap mete nou deyò, voye nou nan bann kochon sa yo.”
32Li te di yo: “Ale!”
Yo te pati e te ale nan kochon yo. Lapoula, tout bann kochon yo te kouri desann falèz la, tonbe nan lanmè, pou mouri nan dlo a.
33Gadyen yo te kouri ale antre nan vil la kote yo te fè rapò tout bagay sa yo, ansanm avèk sa ki te rive #Mat 4:24moun move lespri yo. 34Konsa, tout vil la te soti pou rankontre Jésus. Lè yo te wè L, #Am 7:12yo te sipliye Li pou kite peyi yo a.

Chwazi Kounye ya:

Matthïeu 8: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte