Matthïeu 4

4
1 # Mc 1:12,13 Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan. 2Lè Li te fin fè jèn #Egz 34:28karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou. 3#I Tes 3:5Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se #Mat 14:33Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”
4Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri #Det 8:3Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
5Apre sa, Satan te mennen Li antre nan #Né 11:18vil sen, Jérusalem nan. Li te fè L kanpe sou pi wo pwent tanp lan. 6Konsa, li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri:
# Sòm 91:11-12 ‘L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e
‘ak men yo, y ap bay Ou soutyen
pou ke Ou pa ta menm frape
pye Ou kont yon wòch’”.
7Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.
8 # Mat 16:26 Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo. 9Li te di Li: #I Kor 10:20“Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”
10Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: #Det 6:13‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.
11Konsa, dyab la te kite Li, e lapoula, #Mat 28:5zanj yo te vini sèvi Li.
12Alò lè Jésus te tande ke #Mat 14:3Jean te arete, Li te retire kò li pou L antre Galilée. 13Lè Li kite Nazareth, Li te vin #Mat 11:23rete Capernanüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali. 14Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Esaïe te pale lè li te di:
15 # És 9:1 “Peyi Zabulon ak peyi Nephtali,
toupre lanmè a, lòtbò Jourdain an,
Galilée ki pou payen yo”
16 # És 9:2 “Pèp la ki te chita nan tenèb la te wè yon gwo limyè;
e sila yo ki te chita nan peyi lonbraj lanmò a,
sou yo menm yon limyè te vin parèt.”
17 # Mc 1:14,15 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:“Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”
18 # Luc 5:2-11 Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye. 19Li te di yo: “Swiv Mwen e M ap fè nou vin fè lapèch moun.”
20Lapoula, yo te kite filè yo pou yo te swiv Li.
21Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, #Mat 10:2Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.
22Imedyatman, yo te kite kannòt la avèk papa yo pou yo te swiv Li.
23Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap #Mat 9:35enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
24Nouvèl Li te gaye #Mc 7:26toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.
25Gran foul la te swiv Li #Mc 3:7,8soti Galilée, Decapolis, Jérusalem avèk Judée e rive jis lòtbò Jourdain an.

Chwazi Kounye ya:

Matthïeu 4: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte