Matthïeu 26

26
1 # Mat 7:28 Lè Jésus te fin pale tout pawòl sa yo, Li te di a disip Li yo: 2#Mc 14:1-2“Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L.”
3Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm #Mat 26:58,59nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la. 4Epi yo te #Mat 12:14fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li. 5Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la #Mat 27:24otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.”
6 # Luc 7:37-39 Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre la, 7#Luc 7:37yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.
8Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa. Yo te di: “Poukisa l ap fè gaspiyaj konsa? 9Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo.”
10Men Jésus te konprann sa, e te di yo: “Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay. 11Paske #Det 15:11malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan. 12Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l #Jn 19:40pou prepare Mwen pou lantèman. 13Anverite, Mwen di nou ke #Mc 14:9nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan, sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale pou yo sonje li nèt.”
14 # Mc 14:10-11 Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo. 15Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?”
# Egz 21:32 Yo te peze bay li trant pyès ajan. 16Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.
17 # Mc 14:12-16 Alò, nan premye jou Fèt Pen San Ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: “Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?”
18Li te di yo: “Ale nan vil la a yon #Mc 14:13sèten mesye e di li: ‘Mèt la di nou “Lè Mwen prèske rive. M ap fè fèt Jou Pak la lakay ou avèk disip Mwen yo.”’”
19Disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a. Konsa, yo te prepare Jou Pak la.
20 # Mc 14:17-21 Alò, lè fènwa te vin rive, Jésus te lonje sou tab la avèk douz disip yo. 21Pandan yo t ap manje, Li te di yo: #Luc 22:21-23 “Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M”.
22Avèk yon doulè pwofon, yo chak te kòmanse mande L: “Asireman, se pa mwen menm, Senyè?”
23Li te reponn: #Sòm 41:9“Sila ki mete men l avèk mwen nan bòl la, se li menm k ap trayi Mwen an. 24Fis a Lòm nan gen pou ale, #Mat 26:31-54jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan! Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
25 # Mat 26:14 Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?”
Li te reponn li: “Se ou menm ki di l.”
26 # I Kor 10:16 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”
27Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28paske #Egz 24:8sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”
30 # Mc 14:26-31 Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.
31Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a, paske sa ekri: #Za 13:7‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a, epi tout mouton va gaye.’ 32Men lè M leve, #Mat 28:7,10,16M ap prale devan nou Galilée.”
33Men Pierre te reponn e te di Li: “Menm lè tout lòt yo fè bak akoz de Ou menm, mwen menm, mwen p ap fè bak.”
34Jésus te di li: #Mat 26:75“Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”
35Pierre te di Li: #Jn 13:37“Menm si mwen oblije mouri avèk Ou, mwen p ap janm nye Ou.” Tout lòt disip yo te di menm bagay sila a tou.
36 # Mc 14:32-42 Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo: “Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye.”
37Li te pran avè L #Mat 4:21Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès. 38Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”. #Jn 12:27 39Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite #Mat 20:22tas sila a chape de Mwen menm; #Mat 26:42men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”
40Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab #Mat 26:38veye avè M pandan yon sèl èdtan? 41Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. #Mc 14:38Lespri a byen dispoze, men chè la fèb.”
42Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, #Mat 26:39ke volonte Ou fèt.”
43Ankò Li te retounen e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. 44Konsa, Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa. Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.
45 Apre Li te vin kote disip Li yo. Li te mande yo: “Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, # Mc 14:41 lè a rive. Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo. 46Leve, annou ale. Men gade, sila k ap trayi Mwen an gen tan rive!”
47 # Mc 14:43-50 Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo. 48Konsa, sila ki t ap trayi Li a te deja bay yo yon sinyal. Li te di: “Sila ke m bo a, se Li menm. Sezi Li.” 49Touswit, Li te ale kote Jésus. Li te di: “Bonswa #Mat 23:7Rabbi (Mèt)!” e li te bo Li.
50Jésus te di Li: #Mat 20:13 “Zanmi M, poukisa ou vini la.” Konsa yo vin mete men yo sou Li, e te sezi Li.
51Epi konsa, #Mc 14:47youn nan yo ki te avèk Jésus te rale nepe l, te voye l e koupe zòrèy a esklav gran prèt la.
52Alò, Jésus te di l: “Remete nepe ou nan plas li; paske #Jen 9:6tout sila ki leve nepe yo, y ap peri pa nepe. 53Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke #Mc 5:9,15douz lejyon (sa vle di 72,000) #Mat 4:11zanj? 54Men kijan konsa, #Mat 26:24pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli ki fè nou konnen jan l ap oblije fèt?”
55Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? #Mc 12:35Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M. 56Men tout sa vin rive pou #Mat 26:24Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.”
Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.
57 # Mc 14:53-65 Sila ki te sezi Jésus yo te mennen L ale pou wè Caïphe, gran prèt la, kote skrib yo avèk lansyen a pèp yo te gen tan rasanble.
58Men #Jn 18:15Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan #Mat 26:3lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan li ta fini.
59Epi chèf prèt yo avèk tout #Mat 5:22Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò. 60Men yo pa t twouve okenn, malgre ke anpil fo temwayaj te vin prezante.
Men pita, #Det 19:15te gen de ki te vin prezante. 61Yo te di: “Nonm sa a te di: #Mat 27:40‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’”
62Konsa, wo prèt la te kanpe pou te di L: “Èske Ou p ap reponn? Kisa ke moun sa yo ap temwaye kont ou an?”
63Men Jésus te rete an silans.
# Mat 26:63-66 Epi wo prèt la te di L: “Mwen egzije Ou pa Bondye vivan an, pou di nou, si Ou menm se Kris La, Fis Bondye a.”
64Jésus te di li: “Ou te di li ou menm. Malgre sa, Mwen ap di nou, apre sa, nou va wè Fis a Lòm nan k ap chita sou men dwat Pwisan an e #Dan 7:13k ap vini sou nyaj ki nan syèl yo.”
65Konsa wo prèt la te #Nonb 14:6chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan. 66Kisa nou panse?” Yo te reponn e te di: #Lev 24:16“Li merite lanmò!”
67 # És 50:6 Epi yo krache nan figi Li, e te bat Li avèk kout pwen. Lòt yo te souflete L. 68Yo te di: #Mc 14:65“Pwofetize pou nou, Ou menm Kris la! Kilès ki te frape Ou a?”
69 # Mc 14:66-72 Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a, e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l. Li te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”
70Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”
71Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”
72Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”
73Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. #Mc 14:70Jan ou pale a devwale ou.”
74Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!”
Imedyatman, kòk la te chante. 75Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.

Chwazi Kounye ya:

Matthïeu 26: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte