Matthïeu 24

24
1 # Mc 13 Jésus te sòti nan tanp lan e t ap fè wout Li. Disip Li yo te vini pou montre Li bèl konstriksyon tanp lan. 2Men Li te di yo: “Konsa, nou wè tout bagay sa yo? Anverite, Mwen di nou ke #Luc 19:44pa menm yon wòch isit la ap rete sou youn lòt ki p ap jete dekonble nèt.”
3Pandan Li t ap chita sou #Mat 21:1Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”
4Jésus te reponn yo: “Fè atansyon pou pèsòn pa kondwi nou nan erè!” 5Konsa, #Mat 24:11-24anpil moun ap vini nan non Mwen k ap di: ‘Se Mwen ki Kris La’, e yo va kondwi anpil moun nan erè.
6 “Nou va tande afè #Rev 4:6lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an. 7Paske #II Kwo 15:6nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo. 8#Mat 24:8-20Men tout bagay sa yo se sèlman kòmansman an; tankou premye doulè a fanm k ap akouche a.
9 # Mat 10:17 “Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. #Mat 10:22Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.
10 “Konsa, nan tan sa a, anpil moun ap #Mat 11:6 chite. Youn ap denonse lòt, e youn ap rayi lòt. 11Epi anpil #Mat 7:15fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè. 12Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt. 13#Mat 10:22Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.
14 “Epi #Mat 4:23bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout #Luc 4:5lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.
15 “Pou sa, kon pwofèt Daniel te pale a, lè nou wè #Dan 9:27abominasyon dezolasyon an ki te pale pa Daniel, pwofèt la, k ap kanpe nan lye sen an, (kite moun k ap li a konprann) 16nan moman sa a kite sila nan Judée yo sove pou ale nan mòn yo. 17Nenpòt moun ki #I Sam 9:25anwo kay la pa dwe desann pou pran byen li nan kay li, 18ni nenpòt moun ki nan chan an pa dwe retounen pou pran rad li. 19Men #Luc 23:29malè a sila ki ansent yo e a sila k ap bay pitit yo tete nan jou sa yo!
20 “Men priye pou ou pa oblije sove ale nan livè, ni nan yon jou Saba, 21paske nan tan sa a, ap gen yon #Dan 12:1gwo tribilasyon yon jan ki pa janm fèt depi nan kòmansman mond lan, jouk rive koulye a, ni p ap janm genyen ankò. 22Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou #Mat 22:14lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.
23 # Luc 17:23 “Nan lè sa a, si yon moun di nou: ‘Gade, men Kris la isit la’, oubyen ‘Men Li la’, pa kwè li. 24Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo #Jn 4:48sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm #Mat 22:14sila ki eli yo. 25Veye, Mwen avèti nou davans.
26 “Si yo di nou ‘Men Li nan dezè a’ pa ale la; oubyen ‘Gade la, Li la nan chanm pa anndan an, pa kwè yo. 27#Luc 17:24Paske menm jan ke kout eklè a sòti nan lès pou klere jouk rive nan lwès, konsa n ap wè vini Fis a Lòm nan. 28#Job 39:30Nenpòt kote kadav la ye, se la ou va twouve votou yo.
29 “Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, #És 13:10solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.
30 “Epi nan moman sa a, #Mat 24:3sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè #Dan 7:13Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa, 31epi Li va voye zanj Li avèk #Egz 19:16yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.
32 “Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou. 33Ou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, rekonèt ke Li pwòch, #Jc 5:9Li parèt menm nan pòt la.
34 “Anverite, Mwen di nou: #Mat 10:23 Jenerasyon sila a p ap disparèt jouk lè ke tout bagay sa yo fin pase. 35#Mat 5:18Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt. 36Men #Mc 13:32konsènan jou sa a, avèk lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
37 “Paske vini a Fis a Lòm nan va #Jen 6:5menm jan avèk jou a Noé yo. 38Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap #Mat 22:30marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke #Jen 7:7Noé te antre nan lach la. 39Epi yo pa t konprann jiskaske delij la te vini e pote yo tout ale; konsa l ap ye avèk #Mat 16:27vini a Fis a Lòm nan.
40 “Nan moman sa a, ap gen de mesyè nan yon chan; youn ap prale; lòt la ap rete. 41#Luc 17:35De fanm k ap moulen nan moulen an; youn ap prale, lòt la ap rete.
42 “Pou sa, # Mat 24:43-44 43men konnen byen yon bagay; #Luc 12:39si mèt kay la te konnen a #Mc 13:35kilè nan nwit lan vòlè a t ap parèt, li t ap veye plis, e pa t ap kite kay la kase. 44Pou rezon sa a, #Mat 24:42,43fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.
45 # Luc 12:42-46 “Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen? 46Beni se esklav k ap fè sa lè mèt li vini an. 47Anverite Mwen di nou ke #Mat 25:21-23l ap mete li kòm chèf sou tout byen li yo.
48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’, 49epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo, 50mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen, 51epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen #Mat 8:12 kriye avèk manje dan.”

Chwazi Kounye ya:

Matthïeu 24: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte