Matthïeu 22

22
1Ankò Jésus te reponn yo e pale ak yo an parabòl. Li te di: 2#Mat 13:24“Wayòm syèl la tankou yon wa ki fè yon fèt maryaj pou fis li. 3Li te #Mat 21:34voye esklav li yo deyò pou rele sila yo ki te envite nan fèt maryaj la, men yo pa t dakò vini.
4 “Ankò li #Mat 21:36voye lòt esklav pou di: “Gade, mwen prepare anpil manje. Bèf avèk anpil lòt bèt gra gen tan fin kòche. Tout bagay prè. Vini nan fèt maryaj la.
5 “Men yo pa t okipe li. Yo fè wout yo. Youn ale nan chan li, yon lòt pou okipe afè l. 6Konsa, rès yo te sezi esklav li yo, e te maltrete e touye yo. 7Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.
8 “Apre, li te di a esklav li yo: ‘Maryaj la prepare, men sila ki te envite yo pa dign. 9Pou sa, ale nan #Éz 21:21gran wout yo, epi tout sila nou twouve la yo, envite yo nan fèt maryaj la.’
10 “Konsa, esklav sila yo te ale deyò nan lari yo pou te ranmase tout sa yo te twouve, ni mechan, ni bon, epi chan maryaj la te ranpli avèk moun envite yo.
11 “Men lè wa a te vini pou wè sila ki te vini yo, li twouve #II Wa 10:22yon nonm ki pa abiye avèk vètman maryaj la. 12Li te di li: #Mat 20:13 ‘Zanmi m, kijan ou fè antre isit la san vètman maryaj la?’ Moun nan pa t kab menm pale.
13 “Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan #Mat 8:12fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan. 14Paske gen anpil moun k ap #Mat 24:22resevwa apèl la, men pa anpil moun kap chwazi.”
15 # Mc 12:13-17 Konsa, Farizyen yo te ale pran konsèy ansanm pou twouve kijan yo ta kab kenbe L nan pèlen pawòl ke Li te pale yo. 16Yo te voye disip pa yo ansanm avèk #Mc 3:6Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn. 17Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye #Mat 17:25taks a #Luc 3:1César? Wi oubyen non?”
18Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye! 19Montre M #Mat 17:25kòb ke nou sèvi pou peye taks la.”
Yo te pote bay Li yon denye.
20 Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”
21Yo reponn Li: “Se pou César”.
Li te di yo: #Mc 12:7“Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”
22Lè yo tande sa, yo te etone e yo te #Mc 12:12kite Li ale.
23 # Mc 12:18-27 Nan menm jou sa a, kèk nan Sadiseyen yo (ki di pa gen rezirèksyon) te vin kote L pou poze L kesyon. 24Yo te di: “Mèt, Moïse te di: #Det 25:5‘Si yon nonm mouri, li pa gen pitit, frè li, nan fanmi ki pi prè a va marye avèk madanm li, pou l elve yon Pitit pou frè li.’ 25Konsa, te gen sèt frè avèk nou. Premye a te marye. Li mouri san fè Pitit e li te kite madanm li pou frè l la. 26Konsa tou, dezyèm lan, twazyèm nan, jouk rive nan setyèm frè a. 27An dènye lye, fanm nan te mouri. 28Konsa nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske yo tout te genyen l.”
29Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou #Jn 20:9pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a. 30Paske nan rezirèksyon an, yo #Mat 24:38pa marye, ni bay moun nan maryaj, men se kon zanj nan syèl yo. 31Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou: 32#Egz 3:6‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”
33Lè foul la te tande sa, #Mat 7:28yo te etone de jan Li te enstwi a.
34 # Luc 10:25-37 Men lè Farizyen yo te tande ke Li gen tan fè Sadiseyen yo sispann pale, yo te reyini ansanm.
35Youn nan yo, yon #Luc 7:30avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv. 36“Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37Li te reponn li: #Det 6:5“‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.
38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39Dezyèm nan se parèy a li menm: #Lev 19:18‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.
40 # Mat 7:12 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”
41 # Mc 12:35-37 Alò, pandan Farizyen yo te ansanm, Jésus te poze yo yon kesyon. 42Li te mande yo: “Kisa nou panse de Kris la? Se Fis a kilès Li ye?”
Yo te reponn Li: #Mat 9:27“Fis a David la”.
43Li te di yo: “Ebyen, ki jan konsa ke nan Lespri a, David te rele Li ‘Senyè’ lè li te di:
44 # Mc 12:34 “SENYÈ a di a Senyè mwen an,
‘Chita sou men dwat Mwen,
jouk lè Mwen mete lènmi ou yo anba pye ou’?
45 “Si David li menm rele Li ‘Senyè’, kijan Li fè kapab Pitit Li?”
46Pèsòn pa t kapab reponn Li yon mo, #Sòm 110:1ni yo pa t tante mande Li anyen depi jou sa a.

Chwazi Kounye ya:

Matthïeu 22: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte