Matthïeu 14

14
1 # Mc 6:14-29 Nan lè sa a, Hérode, tetrak la, te tande nouvèl a Jésus. 2Konsa, Li te di a sèvitè pa li yo: #Mat 16:14“Se Jean Baptiste sa a ye. Li gen tan leve soti vivan nan lanmò. Se pou sa li kapab fè tout mirak sa yo.” 3Paske lè #Mc 8:15Hérode te fè yo arete Jean, li te mare li e mete li nan prizon akoz Hérodias, madanm a frè li, Philippe. 4Paske Jean t ap di li ke #Lev 18:16li pa pèmèt pou l ta genyen l kon madanm. 5Epi malgre ke Hérode te vle touye li, li te pè pèp la paske yo te konsidere li kon #Mat 11:9yon pwofèt. 6Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias te vin danse devan yo, e #Mc 8:15Hérode te trè kontan. 7Konsa, li menm te sèmante pou bay li nenpòt sa ke li te mande li. 8Akoz ke fi a te ankouraje pa manman l, li te di: “Ban m isit la menm sou yon plato, tèt a Jean Baptiste.”
9Malgre sa te fè l tris, wa a te kòmande sa fèt akoz sèman an, e akoz tout vizitè ki te la avèk yo. 10Li te voye fè yo koupe tèt a Jean nan prizon an. 11Yo te pote tèt li sou yon plato e te bay fi a. Konsa, fi a te pote l bay manman l. 12Disip li yo te vin pran kò a e te antere l. Apre, yo te ale bay rapò a Jésus. 13#Mat 15:32-38Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.
14Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te #Mat 4:23geri malad yo.
15Lè li te vin fènwa, disip yo te vin di Li: “Plas sa a dezète, e lè a gen tan depase. Konsa, voye foul la ale pou yo kapab rive nan bouk yo pou achte kèk manje.”
16Men Jésus te di yo: “Yo pa bezwen ale. Nou menm, bay yo manje!”
17Yo te di Li: “Nou gen sèlman #Mat 16:9senk pen ak de grenn pwason.”
18Li te di: “Pote yo ban Mwen!” 19Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te #I Sam 9:13beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la. 20Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz #Mat 16:9panyen byen plen. 21Te gen anviwon senk-mil gason ki te manje san konte fanm avèk timoun.
22 # Mc 6:45-51 Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale. 23Apre li te voye foul la ale, #Mc 6:46Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li. 24Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen #Trav 27:4move. 25Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a. 26Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon #Luc 24:37fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz. 27Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: #Mat 9:2“Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
28Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”
29Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus. 30Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”
31Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?” 32Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann. 33Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se #Mat 4:3Fis Bondye a!”
34 # Jn 6:24,25 Lè yo te fin travèse, yo te rive atè nan Génésareth. 35Lè moun nan plas sa yo te rekonèt Li, yo te voye nouvèl nan tout ozanviwon an, e yo te pote bay Li tout sila ki te malad yo. 36Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te #Mat 9:21touche L yo te geri nèt.

Chwazi Kounye ya:

Matthïeu 14: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte