Matthïeu 12

12
1Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo. 2Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki #Mat 12:10pa pèmi nan yon jou Saba.”
3Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo? 4Jan li te antre nan kay Bondye a, e #I Sam 2:16te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo? 5Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan? 6Men Mwen di nou ke yon choz #II Kwo 6:18pi gran pase tanp lan isit la. 7Men si nou te konnen kisa sa vle di: #I Sam 6:6‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo. 8Paske #Mat 8:20Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.”
9Konsa, Li te #Mc 3:1-6kite la e te ale nan sinagòg yo. 10Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: #Mat 12:2“Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.
11Li te reponn yo: #Luc 14:5“Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a? 12#Mat 10:31Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.” 13Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” #Mat 8:3Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la. 14Men Farizyen yo te soti deyò, pou #Mat 26:4fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.
15Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l.
Anpil moun te swiv Li, e #Mat 4:23Li te geri yo tout.
16Epi Li te #Mat 8:4pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye. 17Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:
18 # És 42:1 “Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a;
# Mat 3:17 byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an.
M ap mete lespri Mwen sou Li,
e Li va pwoklame jistis a payen yo.
19 # És 42:2 Li p ap diskite, ni kriye;
ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari.
20 # És 42:3 Yon wozo brize, Li p ap kase,
e yon fisèl bouji k ap toufe,
Li p ap tenyen,
jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a.
21 # Wo 15:2 Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.”
22 # Mat 9:32,34 Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè. 23Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab #Mat 9:27Fis a David?” 24Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap #Mat 9:34chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”
25 # Mat 23:27 Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe. 26Si se #Mat 4:10Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe? 27Epi si Mwen menm #Trav 19:13pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou. 28Men #I Jn 3:8si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou. 29Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.
30 # Mc 9:40 “Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye. 31#Luc 12:10Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone. 32#Luc 12:10Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan #Mat 13:22,39laj sila a ni nan laj k ap vini an.
33 “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. #Mat 7:16-18Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34#Mat 3:7Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35#Pwov 10:20,21Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36Epi Mwen di nou ke nan #Mat 10:15jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
38Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: #Mat 16:1“Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.
39Men li te reponn yo konsa: #Mat 16:4“Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la. 40Menm jan ke #Jon 1:17Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase #Mat 16:21twa jou ak twa nwit nan kè latè. 41Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske #Jon 3:5yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la. 42#I Wa 10:1Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.
43 # Luc 11:24-26 “Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn. 44Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd. 45Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi #Mc 5:9dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”
46 # Mc 3:31-35 Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li. 47Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”
48Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?” 49Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo. 50Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”

Chwazi Kounye ya:

Matthïeu 12: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte