Malachie 4

4
1“Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.#Sòm 21:9; És 9:18,19 2Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, #II Sam 23:4; Jr 30:17 solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo. 3Nou va #Job 40:12foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè,” pale SENYÈ dèzame yo.
4 # Det 4:23 “Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo.
5“Gade byen, Mwen ap voye bannou #Mat 11:14Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a. 6Li va #Luc 1:17tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin #És 11:4 frape peyi a avèk yon malediksyon.”

Chwazi Kounye ya:

Malachie 4: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte