Luc 9

9
1 # Mat 10:5 Li te rele douz yo ansanm, e te bay yo pouvwa avèk otorite sou tout dyab, e pou geri maladi. 2Li te voye yo ale pou #Mat 10:7pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.
3Konsa, Li te di yo: #Luc 10:4-12“Pa pran anyen pou vwayaj nou, ni yon baton, ni yon sak, ni pen, ni lajan. Pa menm pote yon dezyèm vètman. 4Nan nenpòt kay ke nou antre, rete la jiskaske nou kite vil sa a. 5Pou sila yo ki pa resevwa nou, lè n ap kite vil sa a, #Luc 10:11souke pousyè sòti nan pye nou kon yon temwayaj kont yo.”
6Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap #Mc 6:12preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.
7 # Mc 6:14 Alò, Hérode, tetrak la te tande tout sa ki t ap fèt yo. Konsa, li te gravman twouble, paske kèk moun te di ke se te Jean ki te leve soti nan lanmò.
8Selon kèk #Mat 16:14lòt Élie ki vin parèt, oswa youn nan ansyen pwofèt yo te leve ankò.
9Hérode te di: “Mwen menm te fè yo koupe tèt a Jean, men kilès nonm sa a ye, ke m tande tout koze sa yo?” #Luc 23:8Li te kontinye ap eseye pou l ta kab wè L.
10Lè apòt yo te retounen, yo te bay Jésus yon istwa de tout sa ki te rive a.
# Mat 14:13-21 Li te fè yo ale avè L, pou yo fè retrèt vè yon vilaj yo rele Betsaïda.
11Men foul la te konnen sa. Yo te swiv Li, e Li te resevwa yo avèk kè ouvè.
Li te kòmanse pale avèk yo sou wayòm syèl la, e te fè gerizon pou sila yo ki te bezwen geri.
12Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: “Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole.”
13Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.” 14(Paske te gen anviwon senk-mil moun.)
Li te di a disip Li yo: “Fè yo chita #Mc 6:39nan gwoup de senkant chak.”
15Konsa yo te fè; yo te fè tout moun chita.
16Answit, Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni yo. Li te kase yo, e te lonje bay disip yo pou mete devan foul la.
17Yo te manje jis vant tout moun te plen. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz #Mat 14:20panyen byen ranpli.
18 # Mat 16:13-16 Li te vin rive ke pandan Li t ap priye sèl, disip yo te toupre. Konsa, Li te poze yon kesyon. Li te mande: “Kilès moun pèp la di ke Mwen ye?”
19Yo te reponn Li, e te di: “Jean-Baptiste, oswa Eli; men lòt yo, youn nan ansyen pwofèt yo ki leve ankò.”
20Li te mande yo: “Men kilès nou menm, nou di ke Mwen ye”?
Pierre te reponn. Li te di: #Jn 6:68“Kris la a Bondye a.”
21Men Li te #Mat 8:4avèti yo avèk severite pou yo pa pale sa a pèsonn.
22 # Mat 21:16-28 Konsa Li te di: “Fis a Lòm nan va oblije soufri anpil bagay, e va rejte pa ansyen yo, ak chèf prèt yo, ak skrib yo. Li va vin touye, e va vin leve nan twazyèm jou a.”
23Li t ap di a yo tout: #Mat 10:38“Si Nenpòt moun vle swiv Mwen, li dwe renonse a pwòp tèt li, pran kwa li e swiv Mwen. 24Paske #Mat 10:39Nenpòt moun ki vle sove vi li va pèdi li, men sila a ki pèdi lavi li pou koz Mwen, se li ki va sove li.
25 “Paske ki avantaj yon nonm gen si li vin genyen tou lemonn, e vin # Eb 10:34 pèdi, pou peye kon pri a, pwòp nanm li?
26 # Mat 10:23 “Paske Nenpòt moun ki wont Mwen, ak pawòl Mwen yo, a li menm, Fis a Lòm nan va wont lè Li vini nan glwa Li, ak glwa a Papa a, e glwa a zanj sen yo.
27 “Men Mwen di nou anverite, # Mat 16:28 gen nan sila yo ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jouk lè ke yo wè wayòm Bondye a.”
28Anviwon uit jou aprè pawòl sa yo, #Mat 17:1-8Li te pran Pierre avèk Jean, avèk Jacques, e te monte nan mòn nan pou priye.
29Pandan Li t ap #Luc 3:21priye, aspè figi Li te vin chanje, e vètman Li te vin klere kon blan briyan. 30Epi gade, de zòm t ap pale avèk Li. Se te Moïse avèk Elie, 31ki te vin parèt nan glwa, e t ap pale sou afè #II Pi 1:15depa Li, ke Li te prèt pou acheve nan Jérusalem.
32Alò, Pierre avèk lòt parèy li yo te vin #Mat 26:43lou ak dòmi. Men lè zye pa yo te vin ouvri, yo te wè glwa Li ak de zòm sa yo ki te kanpe avè L. 33Konsa, Li te vin rive ke pandan sila yo t ap kite Li, Pierre te di a Jésus: “Mèt, li bon pou nou isit la. #Mat 17:4Annou fè twa tabènak; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.” Men li pa t fin konprann sa li t ap di a.
34Pandan li t ap di sa, yon nyaj te fòme. Li te pase yon lonbraj sou yo, epi yo te krent lè yo te antre nan lonbraj la.
35Answit yon vwa te sòti nan lonbraj la. Li te di: #És 42:1“Sa se fis byeneme Mwen an; koute Li!”
36Lè vwa a te pale, Jésus te twouve li sèl. Yo te #Mat 17:9rete an silans, e pa t di pèsonn sa ki te rive nan jou sa yo.
37 # Mat 17:14-18 Nan jou swivan an, lè yo te desann sòti nan mòn nan, yon gwo foul te rankontre Li. 38Konsa yon mesye nan foul la te rele fò: “Mèt, mwen sipliye ou pou gade wè fis mwen an, paske se li sèl gason ke m genyen. 39Yon lespri konn sezi li. Li rele fò, lespri a jete li nan gwo kriz ki fè bouch li kimen, e pandan lespri a ap kite li, li kontinye maspinen l nèt jiskaske li ale. 40Mwen te sipliye disip ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
41Jésus te reponn: “O jenerasyon enkredil, e pèvès! Pou jis kilè M ap avèk nou, pou sipòte nou? Mennen pitit ou a isit la.”
42Pandan Li t ap pwoche, dyab la te voye l atè, e te jete l nan yon gwo kriz. Men Jésus te repwòche lespri enpi a; Li te geri gason an, e te remèt li bay papa l.
43Yo tout te etone akoz grandè Bondye.
# Mat 17:22 Men pandan tout t ap admire tout sa ke Li t ap fè, Li te di a disip Li yo: 44“Kite pawòl sa yo penetre nan zòrèy nou; #Luc 9:22paske Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm.”
45Men #Mc 9:32yo pa t konprann pawòl sila a, e sans li te kache a yo menm pou yo pa t kab konprann li. Yo te pè kesyone L sou pawòl sa a.
46 # Luc 22:24 Konsa, yon gwo diskisyon te leve pami yo sou kilès nan yo ki ta pi gran.
47Men Jésus, byen #Mat 9:4okouran a sa yo t ap panse nan kè yo a, te pran yon timoun. Li te mete li kanpe akote Li. 48Li te di yo: #Mat 10:40“Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a nan non Mwen an resevwa Mwen; e nenpòt moun ki resevwa Mwen, resevwa Papa a, ki te voye Mwen an. Paske sila ki pi piti pami nou an, se li menm ki pi gran.”
49 # Mc 9:38-40 Jean te reponn. Li te di: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase dyab nan non Ou, e nou te eseye anpeche li akoz ke li p ap swiv ak nou.”
50Men Jésus te di l: “Pa anpeche li#Mat 12:30paske sila ki pa kont nou an pou nou.”
51Lè jou yo t ap pwoche pou L te leve, li te pran desizyon nèt #Luc 13:22pou ale Jérusalem. 52Li te voye mesaje yo devan Li. Konsa, yo te ale antre nan yon vil a #Mat 10:5Samariten yo, pou fè aranjman pou li.
53Men yo pa t resevwa Li #Jn 4:9akoz ke Li t ap vwayaje ak figi Li fikse vè Jérusalem.
54Lè Jacques avèk Jean te wè sa, yo te di: “Senyè, èske Ou ta vle nou #II Wa 1:9-16kòmande dife sòti nan syèl la pou devore yo?”
55Men Li te vire e te reprimande yo: “Nou pa konnen de ki kalite lespri nou ye; 56paske Fis a Lòm nan pa t vini pou detwi lavi moun, men pou sove yo.” Konsa, yo te kontinye pou ale nan yon lòt vil.
57Pandan yo t ap prale akote wout la, #Mat 8:19-22yon moun te di Li: “Mwen va swiv Ou Nenpòt kote Ou ale.”
58Jésus te di Li: “Rena yo gen twou yo, e zwazo yo gen nich yo, men #Mat 8:20Fis a Lòm nan pa gen kote pou poze tèt Li.”
59Konsa, Li te di a yon lòt: #Mat 4:23“Swiv Mwen”.
Men li te di: “Kite m ale avan pou antere papa m.”
60Men Li te di li: “Kite mò yo antere mò yo; men pou ou menm, ale#Mat 4:23pwoklame toupatou wayòm Bondye a.”
61Yon lòt osi te di: “Mwen va swiv Ou Senyè; men #I Wa 19:20kite m dabò di orevwa a moun lakay mwen.”
62Men Jésus te di li: #Fil 3:13“Nenpòt moun ki mete men li sou cha a pou gade pa dèyè pa dign de wayòm Bondye a.”

Chwazi Kounye ya:

Luc 9: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

Videyo pou Luc 9