Jean 9

9
1Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.
2Konsa, disip Li yo te mande: “Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa #Egz 20:5paran li yo pou li ta fèt avèg?”
3Jésus te reponn: “Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te #Jn 11:4pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li. 4Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan #Jn 7:33pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay. 5Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se #Mat 5:14limyè lemonn.”
6Lè L di sa, Li #Mc 7:33krache atè, e te fè ajil avèk krache a, e te mete l sou zye li. 7Li te di l: “Ale lave nan #Né 3:15basen Siloé a” (ki te vle di “Ranvoye”).
Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.
8Vwazen yo ak sa yo ki te konn wè l lè l te konn mande charite, t ap di, “Se pa li menm ki te konn #Trav 3:2-10chita mande a?”
9Lòt t ap di: “Se li menm”, men lòt toujou te di “Non, men li byen sanble li”.
Li menm t ap di toujou, “Mwen menm se li”.
10Pou sa yo te di li: “Ebyen, kijan zye ou te louvri?”
11Li te reponn yo: “Nonm nan yo rele Jésus a te fè labou epi te fè yon onksyon pou zye m, epi Li di mwen: ‘Ale nan #Jn 9:7Siloé a epi lave’. Konsa, Mwen te ale lave, epi mwen te wè.”
12Yo te mande li: “Kote Li?”
Li te reponn yo: “Mwen pa konnen”.
13Yo te mennen sila a ki te avèg la devan Farizyen yo. 14#Jn 5:9Alò, se te nan jou Saba ke Jésus te fè ajil la e te louvri zye li.
15 # Jn 9:10 Ankò konsa, Farizyen yo t ap mande li kijan li te vin wè, epi li te di yo: “Li aplike ajil sou zye m, e mwen te lave, e mwen wè”.
16Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li #Mat 12:2pa kenbe Saba a.”
Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.
17Ankò, yo te di a moun avèg la: “Kisa ou di pou Li, konsi se Li menm ki ouvri zye ou yo?”
Li te di: “Li se yon #Det 18:15pwofèt.”
18 # Jn 1:19 Jwif yo pa t kwè ke li te avèg pou l te vin wè, jis lè yo rele paran a sila a ki te resevwa vizyon li. 19Yo te kesyone yo konsa e te mande: “Èske sa se pitit ou, ke ou di te fèt avèg la? Ebyen, kijan li wè koulye a?”
20Paran li te reponn yo epi te di: “Nou konnen ke sa se pitit nou, e ke li te fèt avèg. 21Men kijan li wè koulye a, nou pa konnen. Mande li. Li rive sou laj li. Li ka pale pou kont li.” 22Paran li te pale konsa paske yo te #Jn 7:13krent Jwif yo. Pwiske Jwif yo te deja dakò ke si nenpòt moun te konfese L kon Kris la, #Luc 6:22yo ta mete l deyò nan sinagòg la. 23Pou rezon sa a, paran li yo te di: #Jn 9:21“Li rive sou laj li. Mande li.”
24Konsa yon dezyèm fwa yo te rele nonm nan ki te avèg la, epi te di li: #Jos 7:19“Bay glwa a Bondye, nou konnen ke mesye sa a se yon pechè.”
25Pou sa, li reponn yo: “Si L se yon pechè, mwen pa konnen, men yon bagay mwen konnen. Ke m te avèg, e koulye a mwen wè.”
26Yo te mande l konsa: “Kisa Li te fè ou? Kijan Li te ouvri zye ou?”
27Li te reponn yo: #Jn 9:15“Mwen te di nou sa deja, men #Jn 8:43nou pa t koute m. Poukisa nou vle tande sa ankò? Èske nou vle vin disip Li yo tou?”
28Konsa, yo te joure li e te di: “Ou se disip Li, men #Jn 5:45nou se disip a Moïse. 29Nou konnen ke Bondye te pale a Moïse, men pou mesye sila a, #Jn 8:14nou pa konnen kote Li sòti.”
30Mesye a te reponn yo e te di: “Men yon choz byen etonan. Ke nou pa konnen kote Li sòti, men Li te ouvri zye mwen. 31Nou konnen ke #Job 27:8Bondye pa tande pechè yo, men si nenpòt moun gen lakrent Bondye, e fè volonte L, l ap koute li. 32Depi kòmansman tan an, nou pa janm tande ke pèsòn ouvri zye a yon moun ki te fèt avèg. 33#Jn 3:2Si moun sa a pa t sòti nan Bondye, Li pa t kab fè anyen.”
34Yo te reponn li e te di: “Ou te fèt nèt nan peche! Èske ou ap enstwi nou?” Konsa, #Jn 9:22-35yo te mete l deyò.
35Jésus te tande ke yo te #Jn 9:22-34mete l deyò. E Li te twouve li e te di: “Èske ou kwè nan Fis a Lòm nan?”
36Li te reponn: #Wo 10:14“Se kilès Li ye, Senyè, pou m kab kwè nan Li?”
37Jésus te di li: “Non sèlman ou konn wè L deja, men #Jn 4:26se Li menm k ap pale avèk ou.”
38Li di: “Senyè, mwen kwè!” E li te #Mc 8:2adore Li.
39Jésus te di: #Jn 5:22-27“Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, #Luc 4:18pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”
40Sila nan Farizyen yo ki te avèk Li te tande bagay sa yo e te di Li: #Wo 2:19“Èske se nou menm ki avèg tou a?”
41Jésus te reponn yo: #Jn 15:22-24“Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”

Chwazi Kounye ya:

Jean 9: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte