Jean 16

16
1 “Mwen pale nou #Jn 15:18-27bagay sa yo pou nou kapab evite chite.
2 “Yo va #Jn 9:22mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou. 3Bagay sa yo, yo va fè #Jn 8:19-55paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen. 4Men bagay sa yo Mwen te pale nou an #Jn 13:19pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
5 “Men koulye a, #Jn 7:33M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’? 6Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, #Jn 14:1gwo doulè antre nan kè nou.
7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, #Jn 14:16Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, #Jn 14:26M ap voye Li bay nou. 8E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. 9Konsènan peche, #Jn 15:22-24paske yo pa kwè nan Mwen, 10Selon #Trav 3:14ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11#Jn 12:31Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
12 “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a. 13Men lè Li, #Jn 14:7Lespri verite a vini, Li va #Jn 14:26dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14Li va #Jn 7:39fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
15 # Jn 17:10 “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
16 “Yon ti tan, e #Jn 14:18-24nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”
17Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke #Jn 16:5M ap prale nan Papa a’?” 18Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”
19 # Mc 9:32 Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’
20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke #Luc 23:27nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men #Jn 20:20tristès la va vin chanje an jwa. 21#És 13:8Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
22 “Konsa, #Jn 16:6nou menm tou gen tristès koulye a. Men #Jn 16:16Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
23 “E nan jou sa a #Jn 16:19-30nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, #Jn 15:16si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
24 # Jn 14:14 “Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
25 “Bagay sa yo Mwen pale nou an #Mat 13:34parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.
26 “Nan jou sa a #Jn 16:19-30nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou. 27Paske #Jn 14:21-23Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen #Jn 8:42te sòti nan Papa a. 28Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap #Jn 13:1-3prale kote Papa a.”
29Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap #Mat 13:34sèvi ak parabòl. 30Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou #Jn 2:11kwè ke Ou soti nan Bondye.”
31Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a? 32Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, #Za 13:7pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. #Jn 8:29Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou #Jn 14:27nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. #Wo 8:37Mwen venk lemonn.”

Chwazi Kounye ya:

Jean 16: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte