Ésaïe 42

42
1“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an;
# Luc 9:35 sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a.
Mwen te mete Lespri M sou Li.
Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.
2Li p ap kriye menm,
ni leve vwa l,
ni fè vwa l tande nan lari.
3Yon wozo ki brize, Li p ap kase,
e yon fisèl bouji ki brile fèb,
Li p ap etenn.
Ak fidelite, Li va mennen #Sòm 72:2-4lajistis
e fè l vin parèt.
4Li p ap #És 40:28dekouraje oswa vin kraze
jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè,
epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”
5Konsa pale Bondye SENYÈ a
ki te #Sòm 102:25-26kreye syèl yo e ki tann yo,
ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann,
ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li,
e lespri lavi a tout moun ki mache ladann,
6Mwen menm se SENYÈ a.
Mwen te #És 41:2rele Ou nan ladwati.
Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men.
Mwen va pran swen Ou.
Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la,
kon yon limyè pou nasyon yo,
7pou #És 29:18ouvri zye avèg yo,
pou mennen prizonye yo sòti nan kacho a,
e fè sila ki viv nan tenèb yo sòti nan prizon an.
8“Mwen se SENYÈ a.
Sa se non Mwen.
Mwen p ap bay #Egz 20:3-5glwa Mwen a yon lòt,
ni lwanj Mwen a imaj taye.
9Gade byen, #És 48:3 ansyen bagay yo te fin akonpli;
koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo.
Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.”
10Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,
lwanj Li jis rive nan #És 49:6 dènye pwent latè!
Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann,
nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.
11Kite #És 32:16dezè a ak vil li yo leve vwa yo;
anplasman kote Kédar rete a.
Kite sila ki rete nan Sela la chante anlè;
kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.
12Kite yo #És 24:15bay glwa a SENYÈ a
e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.
13 # Egz 15:3 SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye,
li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè.
Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè.
Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.
14 # Sòm 50:21 Mwen te rete an silans depi lontan sa.
Mwen te rete kalm e te kontwole Mwen.
Koulye a, tankou yon fanm k ap fè pitit, Mwen va plenyen.
Mwen va rale gwo souf e respire fò.
15Mwen va #És 2:12-16ravaje tout mòn yo ak kolin yo,
e zèb ak raje yo va vin fennen nèt.
Mwen va fè rivyè lafen lil yo, e seche letan.
16Mwen va #És 29:18mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen,
nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo.
Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo
e move kote yo va vin plat.
Se bagay sa yo Mwen va fè
e Mwen p ap kite yo pa fèt.
17“Sila ki mete konfyans yo nan zidòl yo
e ki di a imaj fonn yo:
‘Se nou menm ki dye pa nou’,
va voye tounen pa dèyè e va #Sòm 97:7vin wont nèt.
18 # És 29:18 “Tande, nou menm ki soud!
Epi gade, nou menm ki avèg, pou nou ka wè.
19Se kilès ki avèg sof ke #És 41:8sèvitè Mwen an,
oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a?
Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M,
oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a?
20 # Wo 2:21 Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo;
zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande.
21SENYÈ a te kontan pou koz ladwati Li;
pou fè lalwa a #És 42:4gran e plen respe.
22Men pèp sa a se yon pèp depouye e piyaje.
Yo tout #És 24:18kole nan kav yo oswa
kache nan prizon yo.
Yo devni viktim san okenn moun ki pou delivre yo;
yon piyaj san okenn moun ki pou di:
“Restore yo!”
23Se kilès pami nou k ap prete zòrèy a sa a?
Kilès k ap okipe sa e kòmanse koute depi koulye a?
24Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye
e Israël a piyajè yo?
Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a?
Paske yo te refize mache nan chemen Li yo;
ni yo pa t swiv lalwa Li.
25Pou sa, Li te vide sou li chalè kòlè Li
ak #És 5:25fòs kouraj batay la.
Sa te fè l pran flanm toupatou,
men li pa t rekonèt sa a.
Li t ap brile l, men li pa t okipe sa.”

Chwazi Kounye ya:

Ésaïe 42: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte