Osée 6

6
1Vini, annou retounen kote SENYÈ a;
paske li te #Det 32:39 chire nou,
men Li va geri nou.
Li te blese nou,
men #Jr 30:17Li va panse nou.
2Li va #Sòm 30:5 fè nou vin refè apre de jou;
Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve.
Konsa, nou va viv devan Li.
3Annou #És 2:3 rekonèt SENYÈ a;
annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a.
# Sòm 19:6 Aparans Li asire tankou solèy
k ap leve granmmaten.
Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,
tankou lapli prentan k ap wouze latè.
4Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm?
Kisa pou M fè ak ou, O Juda?
Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten,
tankou farinay ki disparèt bonè.
5Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso ak pwofèt yo;
Mwen te touye yo ak #Jr 23:29pawòl bouch Mwen.
Jijman Ou yo se tankou loray k ap tire.
6Paske, Mwen #Mat 9:13 pito mizerikòd #És 1:11 olye sakrifis,
epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.
7Men #Job 31:33 yo menm, tankou Adam te #Os 8:1kase transgresyon akò a.
La, yo pa t fidèl anvè Mwen.
8Galaad se yon vil ki plen ak malfektè,
plen ak tach san.#Os 12:11; Os 4:2
9Epi tankou bandi k ap tann yon moun;
konsa, yon twoup prèt asasine moun
sou wout pou rive Sichem nan.
Se gwo krim y ap fè.
10Nan lakay Israël, Mwen te wè yon #Jr 5:30,31 move bagay.
Gen pwostitisyon nan Éphraïm.
Israël souye pwòp tèt li.
11Ou menm tou, O Juda!
Gen yon #Jr 51:33; So 2:7rekòlt ki deja apwente pou ou menm,
lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.

Chwazi Kounye ya:

Osée 6: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte