Osée 14

14
1 # Os 6:1 Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a.
Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.
2Pran avèk ou menm pawòl yo,
pou retounen kote SENYÈ a.
Di Li: #Mi 7:18,19“Retire tout inikite nou yo,
e resevwa nou ak gras Ou,
pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.
3Assyrie p ap sove nou.
Nou p ap monte sou cheval;
ni nou p ap di ankò a
# Os 8:6; Os 4:12 zèv men nou yo: “Ou se dye nou.”
Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”
4“Mwen va #És 57:18 geri enfidelite yo;
Mwen va #So 3:17renmen yo an abondans,
paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.
5Mwen va tankou #Pwov 19:12Lawouze pou Israël;
li va fleri kon flè lis,
e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.
6Boujon li yo va vin pete,
e bèlte li va tankou pye doliv etranje a.
Li va santi bon kon bèl odè Liban an.
7Moun yo va rete nan lonbraj li.
Yo va reprann fòs tankou #Os 2:21,22sereyal ki jwenn lapli;
yo va fleri tankou pye rezen.
Y ap fè bon odè tankou diven Liban an.
8O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl?
Se Mwen menm ki okipe l;
Mwen tankou yon pye #És 41:19siprè byen vèt;
nan #Éz 17:23 Mwen, tout fwi ou sòti.”
9 # Sòm 107:43 Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo;
Sila ki pridan an, kite li konnen yo.
Paske, chemen a SENYÈ yo dwat,
e moun ladwati a va mache ladan yo;
men transgresè yo va glise tonbe nan yo.

Chwazi Kounye ya:

Osée 14: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte