Osée 13

13
1 # Job 29:21,22 Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman.
Li te leve tèt li wo an Israël;
men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.
2Epi koulye a, yo peche plis toujou,
e yo fè pou tèt yo #És 46:6imaj fonn an ajan,
menm zidòl yo selon jan yo konprann.
Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye.
Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo #Os 8:5,6 ti bèf yo!”
3Akoz sa, yo va tankou #Os 6:4nwaj nan maten an
ak lawouze k ap disparèt bonè,
tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen,
e tankou #Sòm 68:2 Lafimen soti nan chemine.
4Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou,
depi nan peyi Égypte la;
epi ou pa pou konnen #Egz 20:3okenn dye
sof ke Mwen;
paske nanpwen sovè #És 43:11 sof ke Mwen.
5Mwen te #Det 2:7pran swen ou nan dezè a,
nan peyi sechrès la.
6Lè yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè;
yo te vin satisfè e kè yo te vin ògeye.
Konsa, yo te bliye Mwen.#Os 7:14; Os 2:13
7Akoz sa, Mwen va vin #Lam 3:10 tankou yon lyon anvè yo.
Kon yon #Jr 5:6leyopa, Mwen va kouche
an kachèt bò chemen an.
8Mwen va rankontre yo #II Sam 17:8 kon yon lous
ki fenk fin pèdi pitit li,
e mwen va chire lestomak yo nèt.
Sou plas, Mwen va #Sòm 50:22devore yo tankou
yon manman lyon,
jan yon bèt sovaj ta chire yo.
9Se destriksyon pa w, O Israël!
Akoz ou kont Mwen, kont #Det 33:26,29 sekou ou.
10Kote #II Wa 17:4 wa ou a koulye a,
pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo?
Ak #I Sam 8:5,6jij ke ou te mande yo: “Ban mwen
yon wa ak prens yo”?
11Mwen #I Sam 8:7te bay ou yon wa nan kòlè Mwen,
e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen.
12Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt;
peche li vin #Det 32:34,35 mete nan depo.
13Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li;
se pa #Det 32:6 yon fis ki saj, k ap rete nan vant
ki ouvri e k ap tann li soti a.
14Mwen va rachte yo soti
anba pouvwa a Sejou mò yo;
mwen va #Sòm 49:15 rachte yo soti anba lanmò.
O lanmò! Kote pikan ou yo?
O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an?
Repantans va vin kache devan zye M.
15Malgre li pote fwi pami frè li yo,
yon #Jen 41:6 van nan lès va vini;
van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a.
Sous dlo li va vin sèch,
e fontèn dlo li va seche.
Li va #Jr 20:5 piyaje trezò tout bagay ki gen valè.
16Samarie va pote #Os 10:2koupabilite li,
paske li te #Os 7:14fè rebèl kont Bondye li a.
Yo va tonbe pa nepe.
Timoun piti yo va vin kraze an mòso,
epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.

Chwazi Kounye ya:

Osée 13: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte