Osée 12

12
1Éphraïm manje sou van,
e kouri dèyè #Jen 41:6van lès la.
Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans.
Anplis, li fè yon akò ak Assyrie
e lwil vin pote an Égypte.
2Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda
e Li va pini Jacob #Os 4:1; Os 7:2selon chemen li yo.
Li va rekonpanse li selon zak li yo.
3Nan vant manman, li te #Jen 25:26kenbe frè l pa talon;
epi lè l fin grandi, li te #Jen 32:28 lite ak Bondye.
4Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l;
li te kriye e li te #Jen 32:26chache favè li.
Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.
5Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo,
SENYÈ a se #Egz 3:15 non Li!
6Pou sa, retounen kote Bondye ou a,
# Os 6:1-3; Mi 6:8 Swiv ladousè ak lajistis,
e tann Bondye ou a tout tan.
7Men yon machann, ak #Pwov 11:1fo balans lan nan men l.
Li renmen twonpe moun.
8Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich.
Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen;
Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri
# Os 4:8 okenn inikite, ki ta peche.”
9Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou,
depi nan peyi Égypte la, va fè ou #Lev 23:42 viv nan tant ankò,
tankou nan jou fèt deziye yo.
10Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo
e mwen te miltipliye vizyon yo;
epi selon ministè #II Wa 17:13pwofèt yo,
mwen te sèvi #Éz 17:2 parabòl.
11Èske gen inikite nan Galaad?
Anverite, yo tout san valè.
Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo;
wi #Os 8:11 lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.
12Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram,
# Jen 28:5; Jen 29:20 Israël te travay pou resevwa yon madanm.
Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.
13Epi pa yon #Egz 14:19-22pwofèt, SENYÈ a
te mennen Israël sòti an Égypte.
Pa yon pwofèt, li te vin prezève.
14Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè.
Akoz sa, Senyè li va kite #Éz 18:10-13san li koule sou li,
e fè #Dan 11:18 repwòch li tounen sou li.

Chwazi Kounye ya:

Osée 12: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte