Aggée 1

1
1Nan dezyèm ane Darius, wa a, nan premye jou sizyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vini pa pwofèt #Esd 5:1 Aggée a #Né 7:7 Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda, e a Josué, fis la a Jotsadak la, wo prèt la. Li te di: 2“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Pèp sa a di: “Lè a poko rive; lè pou rebati kay SENYÈ a.”’”
3Konsa, pawòl SENYÈ a te vini pa Aggée, pwofèt la. Li te di: 4Èske se lè pou nou menm, pou nou rete nan kay panno nou pandan kay sila a #Jr 33:10,12 rete nan movèz eta? 5Alò, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo! 6Nou te #Det 28:38-40 simen anpil, men rekòlt la te piti. Nou manje, men nou pa manje ase. Nou bwè, men li manke asi. Nou mete rad, men yo pa kont pou envite fredi, epi sila ki jwenn salè li a, li mete salè li a nan yon bous ki plen twou.”
7Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo! 8Monte sou mòn yo, pote bwa pou #I Wa 6:1 rebati tanp lan pou M kapab #Sòm 132:13,14 pran plezi e jwenn glwa ladann,” pale SENYÈ a. 9“Nou chache anpil, men gade byen, ti kras vin jwenn nou; lè nou te mennen l lakay nou, Mwen #És 40:7 soufle sou li pou fè l ale. Poukisa?” deklare SENYÈ dèzame yo: “Akoz kay Mwen ki rete an movèz eta a, pandan nou tout ap byen okipe pwòp lakay nou. 10Akoz sa, akoz nou menm #Det 28:23,24 syèl la te vin ralanti nan lawouze li, e latè te vin refize pwodwi fwi li. 11Mwen te rele yon #Jr 14:2-6 gwo sechrès vini sou peyi a, sou mòn yo, sou grenn sereyal yo, sou diven nèf la, sou lwil la, sou tout pwodwi latè yo, sou lòm, sou bèt ak sou tout zèv men nou yo.”
12Konsa, Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak tout retay a pèp la, te #És 1:19 obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye yo a, e pawòl a Aggée yo, pwofèt la, akoz se SENYÈ a, Bondye yo a ki te voye li. Epi pèp la te #Det 31:12,13 montre lakrent pou SENYÈ a.
13Answit Aggée, mesaje SENYÈ a, te pale nan komisyon SENYÈ a, bay pèp la. Li te di, #Sòm 46:11 “Mwen avèk nou, deklare SENYÈ a.”
14Konsa, SENYÈ a te twouble lespri Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, lespri Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak lespri #Ag 1:12 retay pèp la; epi yo te vini #Esd 5:2 travay nan kay SENYÈ dèzame yo, Bondye yo a, 15nan venn-katriyèm jou sizyèm mwa a, nan dezyèm ane a Darius, wa a.

Chwazi Kounye ya:

Aggée 1: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte