Ézéchiel 44

44
1Nan lè sa a, Li te mennen m retounen pa chemen a #Éz 40:6-17pòtay eksteryè sanktiyè a, ki bay fas li vè lès la; epi li te fèmen. 2SENYÈ a te di mwen: “Pòtay sa a va fèmen. Li p ap louvri, ni pèsòn p ap janm antre pa li, paske #Éz 43:2-4SENYÈ Bondye Israël la te, antre pa li. Akoz sa, li va fèmen. 3Pou #Éz 34:24prens lan, li va chita ladann tankou prens pou manje pen devan SENYÈ a. Li va antre pa chemen galri pòtay la, e li va sòti pa menm chemen an.”
4Epi li te mennen m pa chemen pòtay nò a pou rive devan kay la. Konsa, mwen te gade e vwala #És 6:3-4glwa SENYÈ a te ranpli lakay SENYÈ a, e mwen te tonbe sou figi m.
5SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, make byen, gade ak zye ou, e tande ak zòrèy ou tout sa ke M di ou konsènan tout #Det 12:32règleman lakay SENYÈ yo, e konsènan tout lwa li yo. Epi make byen antre kay la, ak tout sòti ki gen nan sanktyè a. 6Ou va di a #Éz 2:5-7sila k ap fè rebèl yo: ‘Senyè BONDYE la di: “Se kont! Sispann fè tout abominasyon nou yo, O lakay Israël. 7Lè nou te mennen etranje yo antre, #Lev 26:41ensikonsi nan kè yo ak ensikonsi nan chè yo, pou antre nan sanktyè Mwen an, pou pwofane li, menm lakay Mwen an, lè nou te ofri manje Mwen an, grès ak san an; paske yo te anile akò Mwen an—tout sa, anplis de tout abominasyon nou yo. 8Epi nou pa t #Lev 22:2rete responsab nou menm, de bagay sen Mwen yo, men te mete etranje yo responsab de sanktiyè mwen an.” 9Konsa pale Senyè BONDYE a: #Éz 44:7“Okenn etranje ensikonsi nan kè, ak ensikonsi nan chè, tout etranje ki pami fis Israël yo, p ap antre nan sanktyè pa M nan.
10“‘“Men Levit ki te ale lwen Mwen lè Israël te vin egare a, ki te #II Wa 23:8-9vin egare kite Mwen ki t ap kouri dèyè zidòl yo, va pote pinisyon pou inikite pa yo. 11Malgre sa, yo va #Nonb 3:5-37fè sèvis nan sanktiyè Mwen an, pou gen zye sou pòtay kay yo, ak fè sèvis nan kay la. Yo va touye ofrann brile ak sakrifis pou pèp la, e yo va kanpe devan yo pou fè sèvis. 12Akoz yo te fè sèvis pou yo #II Wa 16:10-16devan zidòl yo, e yo te vin yon wòch chite, inikite, pou lakay Israël; akoz sa, Mwen te sèmante kont yo”, deklare Senyè BONDYE a: “Ke yo va pote pinisyon pou inikite pa yo a. 13Konsa, yo p ap #Nonb 18:3vin rapwoche de Mwen, pou sèvi kon prèt pou Mwen, ni vin rapwoche de okenn nan bagay sen Mwen yo, vè bagay ki sen pase tout lòt yo; men yo va pote wont ak abominasyon ke yo te fè yo. 14Malgre sa, Mwen va deziye yo pou #Nonb 18:4kenbe responsabilite kay la, pou tout sèvis ak tout sa k ap fèt ladann.
15“‘“Men #Jr 33:18-22prèt Levit yo, fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite sanktyè pa M nan lè fis Israël yo te vin egare kite Mwen an, va vin rapwoche de Mwen pou fè sèvis pou Mwen. Yo va kanpe devan M pou ofri Mwen grès ak san an,” deklare Senyè BONDYE a. 16Yo va #Nonb 18:5-8antre nan sanktiyè Mwen an. Yo va vin rapwoche de tab Mwen an pou fè sèvis Mwen, e kenbe responsabilite Mwe,n an.
17“‘“Li va fèt ke lè yo antre nan pòtay lakou enteryè yo, yo va abiye ak #Egz 28:42-43vètman len. Epi lenn p ap sou yo pandan y ap fè sèvis nan pòtay lakou enteryè yo ak anndan kay yo. 18Moso twal an len va sou tèt yo e souvètman fèt ak len va nan ren yo. Yo p ap abiye ak okenn bagay ki pou fè yo swè. 19Lè yo sòti deyò vè pèp la, nan lakou deyò a, yo va #Lev 6:10retire vètman yo te sèvi nan fè sèvis la, e lage yo nan chanm sen yo. Yo va mete lòt vètman pou yo pa transmèt sentete a pèp la avèk vètman yo.
20“‘“Anplis, yo #Lev 21:5p ap pase razwa nan tèt yo, ni yo p ap kite cheve a vin long. Se sèl cheve nan tèt yo y ap koupe. 21Ni #Lev 10:9okenn nan prèt yo pa pou bwè divin pandan y ap antre nan lakou enteryè a. 22Epi yo p ap marye ak yon vèv ni yon #Lev 21:7-14fanm divòse, men yo va pran vyèj ki soti nan desandan lakay Israël yo, oswa yon vèv ki se vèv a yon prèt. 23Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou #Lev 10:10distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.
24“‘“Nan yon diskisyon, yo va kanpe pran plas yo pou jije. Yo va jije sa selon òdonans Mwen yo. Yo va anplis, kenbe lwa M yo, ak règleman Mwen yo, nan tout #Lev 23:2-4fèt chwazi Mwen yo. Yo va kenbe tout Saba Mwen yo sen.
25 # Lev 21:1-4 “‘“Yo p ap ale kote yon moun mouri pou yo vin souye; sepandan, pou papa, manman, pou fis, fi, pou frè, oswa yon sè ki pa t gen mari, yo kapab souye tèt yo. 26Aprè li fin #Nonb 19:13-19netwaye, sèt jou va ekoule pou li. 27Nan jou ke li antre nan sanktiyè a, nan #Éz 44:17lakou enteryè pou fè sèvis nan sanktiyè a, li va ofri lofrann peche pa li a”, deklare Senyè BONDYE a.
28“‘Epi sa va konsidere kon yon eritaj pou yo, ke #Nonb 18:20se Mwen ki eritaj yo; epi ou p ap bay yo okenn posesyon an Israël——se Mwen menm ki posesyon yo. 29Yo va #Nonb 18:9-14manje ofrann sereyal la, ofrann peche a, ak ofrann koupabilite; epi tout bagay ki konsakre an Israël va pou yo. 30Premye a tout premye fwi tout kalite ak tout don a tout kalite soti nan tout sa nou kontribye va pou prèt yo. Nou va, anplis, bay prèt la premye nan bòl farin nou yo, pou fè #Mal 3:10benediksyon vin poze sou lakay nou. 31Prèt yo p ap manje okenn zwazo, bèt ki te #Lev 22:8mouri pa mò natirèl, oswa ki te dechire an mòso.

Chwazi Kounye ya:

Ézéchiel 44: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte