Ézéchiel 40

40
1Nan venn-senkyèm ane egzil nou an, nan kòmansman ane a, nan dizyèm jou nan mwa a, nan katòzyèm ane apre #II Wa 25:1-7vil la te fin pran an, nan menm jou sa a, men SENYÈ a te sou mwen e Li te mennen mwen la. 2Nan vizyon a Bondye yo, Li te mennen m nan peyi Israël, Li te depoze m sou yon mòn byen wo. Epi sou li vè sid te gen yon #I Kwo 28:12-19konstriksyon tankou yon vil. 3Konsa, se la li te mennen mwen, epi gade byen, te gen yon nonm ak aparans tankou aparans a bwonz, yon lign fisèl fèt ak len ak yon #Rev 11:1baton apantaj nan men l. Konsa, li te kanpe nan pòtay la. 4Nonm nan te di m: “Fis a lòm, wè ak zye ou e prete atansyon a tout sa ke m va montre ou; paske ou te vin mennen isit la pou m ta ka montre ou li. Deklare a lakay Israël tout sa ke ou wè.”
5Gade byen, te gen yon #És 26:1miray sou deyò a tanp lan toutozanviwon, e nan men a nonm nan, te gen yon baton ki mezire sis koude. Yo chak te yon koude plis lajè a yon pla men.
6Konsa, li te ale nan pòtay ki te gen fas li vè lès. Li te monte sou eskalye li yo, e te mezire papòt pòtay la, yon ba kann nan lajè, epi lòt papòt la te yon ba kann nan lajè. 7#Éz 40:10-21Chanm gad la te yon ba kann nan longè, e yon ba kann nan lajè, epi te gen senk koude antre chanm gad yo. Epi papòt pòtay la akote galri pòtay ki te ouvri pa anndan an te yon ba kann.
8Li te mezire galri a vè fas pòtay la pa anndan, yon ba kann. 9Li te mezire galri a pòtay la, uit koude, epi pilye akote li yo, de koude. Epi galri a pòtay la te vè kay la.
10Chanm gad a pòtay lès yo te twa nan kote sa a, ak twa de lòt kote. Toule twa nan de kote te gen menm mezi. Pilye akote yo te gen menm mezi a nan chak kote tou. 11Li te mezire lajè pòtay la, dis koude e longè pòtay la, trèz koude. 12Te gen yon mi baryè yon koude lajè nan chak kote, epi chanm gad yo te sis koude kare nan chak kote. 13Li te mezire pòtay la soti nan twati a youn nan chanm gad yo, rive nan twati a lòt la, yon lajè a venn-senk koude soti nan yon pòt jis rive nan pòt a lòt anfas la. 14Li te fè pilye akote yo swasant koude wotè, epi lakou a te rive nan pilye yo jis li antoure #Egz 27:9pòtay la. 15Soti devan antre a pòtay, antre a pou rive devan galri enteryè a, te gen senkant koude. 16Te gen #I Wa 6:4fenèt ki fèt ak gri ki te vizavi a chanm gad yo, nan pozisyon akote pilye yo ak pòtay ki te antoure yo a, e menm jan pou galri yo. Epi te gen fenèt toutozanviwon pa anndan. Epi sou chak pilye akote yo, te gen dekorasyon pye palmis.
17Konsa, li te mennen mwen nan lakou eksteryè a, e gade byen, te gen chanm ak yon pave ki te fèt pou tout lakou a toupatou. Trant chanm yo te ouvri sou pave a. 18Pave a te akote pòtay yo, e te koresponn a longè pòtay yo, menm pave pi ba a. 19Epi li te mezire lajè a soti devan #Éz 40:23-27pòtay pi ba a pou rive devan pati eksteryè a lakou enteryè a, yon santèn koude nan lès ak nan nò.
20 # Éz 40:6 Jan pou pòtay lakou eksteryè ki bay fas vè nò a, li te mezire longè li ak lajè li. 21Li te gen twa #Éz 40:7chanm gad chak kote. Pilye akote li yo ak galri li yo te gen menm mezi ak premye pòtay la. Longè li te senkant koude e lajè a te venn-senk koude. 22#Éz 40:16Fenèt li yo, galri li yo ak dekorasyon pye palmis li yo te gen menm mezi ak pòtay ki te bay fas vè lès la. Epi li te vin jwenn pa sèt mach eskalye yo, e galri li te devan yo. 23Lakou enteryè a te gen yon pòtay anfas pòtay nan nò a, menm jan ak pòtay nan lès la. Li te mezire #Éz 40:19-27san koude soti nan yon pòtay a yon pòtay.
24Nan lè sa a, li te mennen m vè sid e gade byen, te gen yon #Éz 40:6-22pòtay vè sid la. Li te mezire pilye akote li yo ak galri li yo selon menm mezi sila yo. 25Pòtay ak galri li yo te gen #Éz 40:16-29fenèt toutotou tankou lòt fenèt yo. Longè la te senkant koude e lajè a te venn-senk koude. 26Te gen sèt #Éz 40:6-22machpye ki t ap monte vè li e galri li yo te devan yo. Li te gen dekorasyon pye palmis yo sou pilye akote yo, youn nan chak kote. 27Lakou enteryè a te gen yon pòtay vè #Éz 40:23-32sid. Li te mezire de pòtay a pòtay vè sid, san koude.
28Epi li te mennen m nan lakou enteryè a pa pòtay sid la, e li te mezire pòtay sid la #Éz 40:32-35selon menm mezi yo. 29#Éz 40:7-21Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo tout selon menm mezi yo. Epi te gen fenèt nan li ak galri yo ki te antoure l toupatou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè. 30Te gen #Éz 40:16-21galri yo toupatou, venn-senk koude longè e senk koude lajè. 31Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye li a te gen uit #Éz 40:22-37machpye.
32Li te mennen m nan #Éz 40:28-35lakou enteryè a vè lès. Li te mezire pòtay la selon menm mezi sila yo. 33#Éz 40:29Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo te selon menm mezi sa yo. Pòtay ak galri li yo te gen fenèt toutotou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè. 34#Éz 40:16Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye a te gen uit machpye.
35Ankò, li te mennen mwen antre nan #Éz 40:27-32pòtay nò a. Li te mezire li selon menm mezi yo— 36avèk #Éz 40:7-29chanm gad li yo, pliye akote li yo ak galri li yo. Pòtay la te gen fenèt toutotou. Longè a te senkant koude e lajè a te venn-senk koude. 37Pilye akote li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo, youn sou chak kote. Eskalye li a te gen uit #Éz 40:34machpye.
38Yon #I Kwo 28:12chanm ak pòtay li te bò pilye nan pòtay yo. La, yo te lave ofrann brile yo. 39Nan galri pòtay la, te gen de tab nan chak kote, tab sou sila yo te touye #Lev 1:3-7ofrann brile yo, ofrann peche yo ak ofrann koupabilite a. 40Sou kote deyò a, pandan yon moun t ap monte vè pòtay nò a, te gen de tab, epi sou lòt kote galri pòtay la, te gen de tab. 41Kat #Éz 40:39-40tab te nan chak kote touprè pòtay la, ki fè uit tab antou sou sila yo te touye sakrifis yo. 42Pou ofrann brile yo, te gen kat tab an #Egz 20:25wòch taye, yon koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè e yon koude nan wotè, tab sou sila yo poze enstriman avèk sila yo touye ofrann brile ak sakrifis la. 43Kwòk yo, longè a yon pla Men te enstale toupatou nan kay la. Sou tab yo, yo te mete chè ofrann nan.
44Soti deyò jis rive nan pòtay enteryè a, se te chanm pou #I Kwo 6:31-32chantè nan lakou enteryè yo. Youn nan sila yo te akote pòtay nò a, ak fas li vè sid ak youn akote pòtay sid la, ak fas li vè nò. 45Li te di mwen: “Sa se chanm ki bay fas vè sid la, ki pou prèt ki responsab #I Kwo 9:23lokipe tanp yo. 46Men chanm ki bay fas vè nò a se pou prèt ki responsab okipe lotèl yo. Sila yo se #I Wa 2:35fis a Tsadok yo, ki soti nan fis a Levi ki vin rapwoche yo de SENYÈ a pou fè sèvis Li.” 47Li te mezire lakou a, an fòm kare nèt, #Éz 40:19-27san koude nan longè pa san koude nan lajè. Epi lotèl la te devan tanp lan.
48Nan lè sa a, li te mennen m nan #I Wa 6:3galri a tanp lan e li te mezire chak kote pilye a galri a, senk koude nan chak kote. Lajè a pòtay la te twa koude nan chak kote. 49Longè a galeri a te ven koude e lajè a te onz koude. Vè #Éz 40:31-37eskalye pa sila li ta ka monte a, te gen kolòn ki te apatyen a pilye akote yo, youn nan chak kote.

Chwazi Kounye ya:

Ézéchiel 40: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte