Ézéchiel 36

36
1Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize a mòn Israël yo e di: “O mòn Israël yo, tande pawòl SENYÈ a. 2Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz lènmi an te pale kont nou, “Ah, ah!”, ak #Det 32:13“Wo plas yo vin devni posesyon nou,”’ 3akoz sa, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Se ak bon rezon yo te fè nou #Jr 2:15dezole, e te kraze nou tout kote a, pou nou te vin yon posesyon a rès nasyon yo, epi nou te vin retire nan pawòl ak ti soufle nan zòrèy a pèp la.” 4Akoz sa, O, mòn Israël yo, tande pawòl a Senyè BONDYE a. Konsa pale Senyè BONDYE a mòn yo ak kolin yo, a ravin yo ak vale yo, a vil dezole ki te vin #Éz 34:8-28viktim ak yon rizib pou rès nasyon ki antoure l yo, 5akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Anverite nan dife a jalouzi Mwen, Mwen te pale kont tout #Jr 25:9rès nasyon yo e kont tout Édom, ki te konfiske peyi Mwen an pou yo menm tankou yon posesyon ak yon kè ki plen ak jwa e yon nanm ki plen ak mepriz, pou yo ta ka sezi chan li yo kon piyaj.”’ 6Akoz sa, pwofetize konsènan peyi Israël la, e di a mòn e a kolin yo, a ravin yo e a vale yo: ‘konsa pale Senyè Bondye a: “Gade byen, Mwen te pale nan jalouzi Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, akoz nou te #Sòm 74:10andire ensilt a nasyon yo.”’ 7Akoz sa, pale Senyè Bondye a: “Mwen te sèmante, ‘Anverite, nasyon ki antoure nou yo va yo menm andire wont pa yo.’
8“‘“Men nou menm, O mòn Israël yo, nou va #És 4:2lonje fè branch nou yo vin parèt pou pote fwi pou pèp Mwen an, Israël; paske avan anpil tan, y ap vini. 9Paske gade byen, Mwen pou nou, Mwen va #Lev 26:9vire kote nou, e nou va vin kiltive e plante. 10Mwen va fè moun miltipliye sou nou, #És 27:6tout lakay Israël la, tout moun ladann. Konsa, vil yo va abite e dezè yo va vin rebati. 11Mwen va miltipliye sou nou, ni moun, ni bèt. Yo va vin ogmante e yo va bay fwi, epi Mwen va fè nou peple teren an jan nou te ye avan an, e Mwen va trete nou #Job 42:12pi byen ke avan. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 12Wi, Mwen va fè #Éz 34:13-14mesye yo—pèp Mwen an, Israël— mache sou ou e posede ou, pou ou kapab vin eritaj pa yo pou yo pa janm retire pitit yo nan men yo ankò.”
13“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz lòt nasyon yo di nou: ‘Ou se yon #Nonb 13:22pèp ki manje moun e ou te fè peye ou pèdi pitit li yo,’ 14Akoz sa, ou p ap manje moun ankò e ou p ap responsab pèt pitit peye ou yo,” deklare Senyè BONDYE a. 15“Mwen p ap kite nou koute ensilt a nasyon yo ankò, ni nou p ap pote mepriz a nasyon yo ankò, ni ou p ap fè nasyon pa w #És 63:13vin chite ankò”, deklare Senyè BONDYE a.’”
16Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 17“Fis a lòm, lè lakay Israël t ap viv nan pwòp peyi yo, yo te #Jr 2:7souye li ak chemen pa yo ak zak yo. Chemen yo devan M pa t pwòp tankou yon fanm nan lè règ li. 18Akoz sa, Mwen te #II Kwo 34:21-25vide chalè kòlè Mwen sou yo pou san ke yo te vèse sou peyi a, akoz yo te souye li ak zidòl yo. 19Anplis, Mwen te #Det 28:64gaye yo pami nasyon yo, e yo te vin dispèse toupatou nan peyi yo. Selon chemen yo ak zak yo, Mwen te jije yo. 20Lè yo te rive nan nasyon kote yo te ale yo, yo te #És 52:5pwofane non Mwen. Paske yo te di a yo menm: ‘Sila yo se pèp SENYÈ a; malgre, yo te vin sòti kite peyi Li a.’ 21Men Mwen te vle konsève onè a #Sòm 74:18non sen Mwen an, ke lakay Israël te pwofane pami nasyon kote yo te ale yo.
22“Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: #Det 7:7-8“Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo. 23Mwen va #És 5:16fè valè sentete a gwo non Mwen an ki te pwofane pami nasyon yo, ke nou te pwofane nan mitan yo. Nan lè sa a nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,” deklare Senyè BONDYE a: “lè M fè prèv sentete Mwen pami nou devan zye yo.
24“‘“Paske Mwen va #És 43:5-6retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an. 25Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de #És 4:4tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo. 26Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire #Éz 11:19kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè. 27Mwen va #És 44:3mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo. 28Nou va rete nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo. Konsa, nou va #Éz 14:11pèp Mwen yo e Mwen va Bondye pa nou. 29Anplis, Mwen va sove nou de tout sa ki pa pwòp nan nou. Epi Mwen va rele pou sereyal miltipliye li e mwen #Éz 34:27-29p ap mennen gwo grangou rive sou nou. 30Mwen va #Lev 26:4miltipliye fwi sou pyebwa ak pwodwi chan an, pou nou pa resevwa mepriz a gwo grangou pami nasyon yo ankò.”
31“‘“Nan lè sa a, nou va #Éz 16:61-63sonje chemen mechan nou yo, zak nou ki pa t bon yo, e nou va rayi tèt nou nan pwòp zye nou, akoz inikite ak abominasyon nou yo. 32Se pa #Det 9:5pou koz nou ke m ap fè sa,” deklare Senyè BONDYE a: “Ke nou byen konprann sa a. Rete wont e twouble akoz chemen nou yo, O lakay Israël!”
33“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M netwaye nou soti nan tout inikite nou yo, #Éz 36:10Mwen va fè vil la vin peple ak moun e kote dezole yo vin rebati. 34Tèren dezole a va kiltive olye de vin yon dezolasyon devan zye a tout moun ki pase yo. 35Yo va di: ‘Tè dezole sa a te vin tankou #És 51:3jaden Éden. Epi dezè a, vil ranblè yo vin ranfòse e vin gen moun.’ 36Nan lè sa a, nasyon ki rete antoure nou yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te rebati pil mazi yo, e te plante sa ki te vin dezè a. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale e Mwen #Éz 17:24va fè sa.”
37“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Konsa anplis, men sa lakay Israël va mande M fè pou yo: Mwen va fè pèp pa yo a vin anpil tankou bann mouton. 38Tankou bann mouton ki pou fè sakrifis, tankou bann mouton Jérusalem nan lè fèt li yo, konsa vil dezole yo va vin plen ak yon #Sòm 74:1bann moun. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”

Chwazi Kounye ya:

Ézéchiel 36: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte