Ézéchiel 31

31
1Nan #Jr 52:5-6onzyèm ane, nan twazyèm mwa, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2“Fis a lòm, pale a Farawon, wa Égypte la, ak gwo foul lame li yo:
‘Ak kilès ou sanble nan grandè ou?
3Gade byen, Assyrie te yon pye #És 10:33-34sèd nan Liban.
Branch li yo te bèl nan lonbraj forè a, e byen wo.
Tèt li te rive pami nwaj yo.
4 # Éz 17:5-8 Dlo te fè l grandi, pwofondè te fè li wo.
Ak rivyè li yo, li te tout tan ap vin elaji lizyè li toupatou.
Li te voye kanal li yo nan tout pyebwa chan yo.
5Akoz sa, #Dan 4:11wotè li te piwo ke tout pyebwa chan yo,
e branch li yo te vin anpil e byen long
akoz anpil dlo ki te fè l gaye yo.
6Tout #Éz 17:23zwazo syèl yo te fè nich nan branch li yo.
Anba branch sila yo, tout bèt chan yo te vin fè pitit.
Tout gran nasyon yo te vin rete anba lonbraj li.
7Konsa, li te bèl nan grandè li, nan longè branch li yo;
paske rasin li te lonje rive kote anpil dlo.
8Pye sèd nan jaden #Jen 2:8-9Bondye yo pa t ka egal ak li.
Pye sipre yo pa t ka gen branch tankou l,
ni pa t gen lòt bwa ki konpare ak branch li yo.
Menm bwa pen an pa t gen branch kon li.
Pa t gen pyebwa nan jaden Bondye yo
ki ta ka parèy li nan bèlte.
9Mwen te fè l bèl ak fòs kantite branch li yo,
e tout pyebwa #Jen 2:8-9Éden yo te jalou devan l.’
10“Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz li byenwo nan wotè l, te mete tèt li rive pami nwaj yo, e #II Kwo 32:25kè l te awogan nan wotè li, 11pou sa, Mwen va livre li nan men a #Éz 30:10-11pi pwisan an a nasyon yo. Li va regle sa nèt. Selon mechanste li, konsa Mwen te chase li. 12#Éz 7:21Etranje yo, pi pwisan a nasyon yo, te koupe li a tè e te kite li. Sou mòn yo e nan tout vale yo, branch li yo te vin tonbe, e gwo branch li yo te vin kase nan tout ravin peyi yo. Konsa, tout pèp sou latè yo te desann kite lonbraj li e te menm kite li. 13Nan gwo dega li yo, tout #És 18:6zwazo syèl yo va vin demere e tout bèt chan yo va sou branch pa l ki tonbe, 14pou tout pyebwa akote dlo yo pa ka vin leve tèt yo wo nan wotè yo. Pwisan pa yo p ap mete tèt yo pami nwaj yo, menm sa yo akote sous dlo yo pa ka kanpe dwat nan wotè yo. Paske yo tout te livre a lanmò, pou rive #Nonb 16:30-33anba tè pami fis a lòm yo, ak sila ki desann nan twou fòs yo.’
15“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Nan jou ke li te desann nan sejou mò yo, Mwen te #Éz 32:7koze lamantasyon. Mwen te fèmen pwofondè a sou li epi te bouche rivyè li yo. Epi anpil dlo li yo Mwen te vin bouche nèt. Mwen te fè Liban kriye ak gwo doulè pou li e tout pyebwa nan chan yo te vin fennen akoz li. 16Mwen te fè tout nasyon yo #Éz 26:15tranble nan son a chit li a, lè M t ap fè l desann nan sejou mò yo ak sila ki desann nan twou fòs yo. Tout pyebwa byen wouze Liban yo, pi byen chwazi ak pi meyè a Liban yo, te vin rekonfòte anba tè. 17Yo menm tou #Sòm 9:17te desann avè l nan sejou mò yo akote sila ki te touye pa nepe yo. Epi sila ki te fòs li yo, te rete anba lonbraj li pami nasyon yo.
18“‘A kilès nan pyebwa Éden yo ou egal konsa nan glwa ak grandè? Malgre sa, ou va vin desann ak pyebwa Éden yo jis rive anba tè. Ou va vin kouche nan mitan ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo.
# Sòm 52:7 “‘Se konsa Farawon va ye ak tout gwo foul lame li yo!” deklare Senyè BONDYE a.”

Chwazi Kounye ya:

Ézéchiel 31: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte