Daniel 4

4
1Nebucadnetsar, wa a
a tout pèp yo, nasyon ak lang, ki rete sou tout tè a:
“Ke lapè nou kapab vin anpil!#Éz 4:17
2Li te sanble bon pou mwen deklare sign ak mèvèy ke #Dan 3:26 Bondye Pi Wo a te fè pou mwen yo.
3A la gran, #Sòm 77:19sign Li yo gran!
A la pwisan, mèvèy Li yo pwisan!
Wayòm Li se yon wayòm k ap dire jis pou tout tan,
epi dominasyon li de jenerasyon an jenerasyon.
4Mwen, Nebucadnetsar, mwen te alèz nan lakay mwen e mwen #Sòm 30:6 t ap pwospere nan palè mwen an. 5Mwen te fè yon rèv e li te fè m gen gwo laperèz; epi refleksyon sila yo sou kabann mwen ak #Dan 2:1-28 vizyon yo nan panse m te fè m gen gwo laperèz. 6Konsa, mwen te pase lòd pou fè #Jen 41:8 mennen devan prezans mwen tout mesye saj Babylone yo, pou yo ta ka fè m konnen entèpretasyon a rèv la. 7Epi majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen yo ak divinò yo te antre e mwen te pale yo rèv la, men yo pa t ka fè m konnen #És 44:25 entèpretasyon li. 8Men finalman, Daniel te antre devan m, ke non li te Beltschatsar, selon non dye pa mwen an e nan sila #Dan 4:9-18 lespri a dye sen yo ye a. Mwen te pale rèv la a li menm, e te di:
9O Beltschatsar, chèf majisyen yo, akoz mwen konnen ke lespri a dye sen yo nan ou e #Éz 28:3nanpwen mistè ki difisil pou ou #Jen 41:15 fè m konnen vizyon a rèv mwen ke m te fè yo, ansanm ak entèpretasyon li. 10Alò, men vizyon ki te nan tèt mwen pandan mwen kouche sou kabann mwen an: Mwen t ap gade e vwala, yon #Éz 31:3-6 bwa nan mitan tè a, e wotè l te byen gran. 11Bwa a te grandi byen gwo, e li te vin fò epi wotè l te #Det 9:1 rive jis nan syèl la. Li te vizib jis rive nan dènye pwent a tout tè a. 12Fèy li te byen bèl, fwi li te anpil e nan li, te gen manje pou tout moun. Bèt chan yo te jwenn lonbraj anba li, epi zwazo nan syèl yo te rete sou branch li, epi tout kreyati vivan yo te jwenn manje yo ladann.#Jr 27:6
13Mwen t ap gade vizyon yo nan panse m, sou kabann mwen an, epi vwala #Det 33:2 yon ki sen k ap veye te desann soti nan syèl la. 14Li te kriye fò e te pale konsa: Koupe bwa a, e retire branch li yo! Retire tout fèy li, e gaye fwi li yo! Kite bèt yo ale soti anba l ak zwazo yo soti sou branch li.#Éz 31:10-14 15Sepandan #Job 14:7-9 kite chouk la rete anrasine nan tè a, menm avèk yon bann an fè ak bwonz k ap ansèkle l nan zèb nèf chan an. Kite moun sa a tranpe ak lawouze syèl la. Kite li pataje zèb la avèk bèt chan latè yo. 16Kite kè li vin chanje pou l pa kè moun ankò, men ke kè a yon bèt vin bay a li menm. Konsa, kite #Dan 4:23-32 sèt epòk vin pase sou li.
17Dekrèt sa a se dekrè a sila ki t ap veye yo, epi desizyon sa a se yon lòd a sila ki sen yo, pou tout sila k ap viv yo kapab #Sòm 9:16konnen, ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, epi Li va #Jr 27:5-7 bay li a nenpòt moun Li pito, epi Li va ranje bay li sou moun ki pi ba yo.
18Sa se rèv ke mwen menm, Nebucadnetsar, te fè. Alò, ou menm, Beltschatsar, ou fè m konnen entèpretasyon li, kòmsi nanpwen lòt moun pami #Jen 41:8-15 mesye saj wayòm mwen yo ki kapab fè m konnen entèpretasyon an. Men ou menm, ou kapab, paske lespri a dye sen yo nan ou.”
19Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e #Jr 4:19refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.”
Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo! 20#Dan 4:10-12 Pyebwa ke ou te wè a, ki te vin gran, e te vin fò a, wotè a sila ki te rive jis nan syèl la, e te vizib a tout tè a; 21epi fèy a sila ki te bèl, fwi anpil la, pyebwa nan sila te gen manje pou tout moun nan, pyebwa anba sila bèt chan yo te viv la, e sou branch a sila zwazo syèl yo te vin poze a— 22se #II Sam 12:7 ou menm, O wa! Paske ou te vin gran, e ou te vin fò; epi majeste ou te vin gran rive jis nan syèl la, e #Jr 27:6,7dominasyon ou jis rive nan dènye pwent latè.
23“Epi tandiske wa a te wè yon ki t ap veye, yon ki sen, ki t ap desann kite syèl la, e ki t ap di: #Dan 4:14-15 ‘Koupe bwa a e detwi li; sepandan, kite chouk la ak rasin li nan tè a, menm avèk yon bann fè ak bwonz k ap ansèkle li nan zèb nèf nan chan an, kite li menm moun nan tranpe ak lawouze syèl la, e kite li pataje li ak bèt chan yo jiskaske sèt epòk vin pase sou li,’
24“Sa se entèpretasyon an, O wa, e sa se dekrè a Pi Wo a ki te #Job 40:11-12 vin rive sou senyè mwen an, wa a: 25Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke #Sòm 83:18Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito. 26Epi, tandiske li te kòmande pou kite chouk la, ak rasin pyebwa a, wayòm ou an va asire apre ou vin rekonèt ke se #Dan 2:18-44 syèl la ki renye. 27Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk #Sòm 41:1-3 montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”
28Tout sa te vin rive a Nebucadnetsar, wa a.#Nonb 23:19 29#II Pi 3:9 Douz mwa pita, li t ap mache sou twati palè wa a Babylone. 30Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone #Eb 2:4 sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”
31Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou. 32Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk a va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”#Dan 4:25; Dan 4:16
33Lapoula, pawòl konsènan Nebucadnetsar a te vin akonpli. Li te #Dan 4:25 chase ale lwen de moun, li te kòmanse manje zèb tankou bèf, kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske cheve li te vin gran kon plim a yon èg, e zong li kon zong a yon zwazo.
34Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni #Dan 4:2Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a #Sòm 102:24-27Sila ki vivan jis pou tout tan an;
Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan
epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.
35Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen,
men #Sòm 33:11; Job 42:2Li fè selon volonte Li nan lame syèl la
e pami sila ki rete sou latè yo;
epi nanpwen moun ki ka evite men Li,
ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”
36Nan lè sa a #II Kwo 33:12,13 bon konprann mwen te retounen sou mwen. Epi majeste ak mayifisans mwen te restore a mwen menm pou glwa a wayòm mwen an. Konsa, konseye mwen yo ak prens mwen yo te kòmanse chache twouve mwen. Mwen te retabli nan wayòm mwen, e pi bon #Pwov 22:4pi gwo pwisans te vin ogmante sou mwen. 37Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske #Det 32:4tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki #Egz 18:11 mache ak ògèy yo.

Chwazi Kounye ya:

Daniel 4: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte