Daniel 2

2
1Alò, nan dezyèm ane règn Nebucadnetsar a, Nebucadnetsar te #Jen 40:5-8fè rèv yo. Epi lespri li te twouble, e li pa t ka dòmi. 2Konsa, wa a te pase lòd pou rele fè antre tout #Jen 41:8majisyen yo, mèt zetwal yo, moun ki fè cham, mèt wanga ak Kaldeyen yo pou pale ak wa a, e fè l tande ki rèv li te fè yo. Konsa, yo te antre e te kanpe devan wa a. 3Wa a te di yo: “Mwen #Jen 40:8te fè yon rèv e lespri m vin twouble pou l ta konprann rèv la.”
4Kaldeyen yo te pale ak wa a an Arameyen: “O wa, viv jis pou tout tan! Pale rèv la a sèvitè ou yo e nou va deklare entèpretasyon li.”
5Wa a te reponn a Kaldeyen yo: “Lòd mwen an fin etabli: si nou pa fè m konnen rèv la ak entèpretasyon li a, nou va vin #Éz 6:11chire mòso an mòso, e lakay nou va vin yon pil ranblè. 6Men si nou deklare rèv la ak entèpretasyon li, nou va resevwa nan men m, #Dan 2:48kado, rekonpans ak gwo lonè. Pou sa, fè m deklarasyon rèv la ak entèpretasyon li.”
7Yo te reponn yon dezyèm fwa. Yo te di: “Kite wa a #Dan 2:4eksplike rèv la a sèvitè li yo e nou va deklare entèpretasyon li.”
8Wa a te reponn: “Mwen konnen, anverite, ke nou ap jwe pou tan, paske nou te wè ke lòd mwen an gentan fin byen etabli. 9Men si nou pa fè m konnen rèv la, ap gen #Est 4:11yon sèl dekrè pou nou. Paske nou te vin antann nou, youn ak lòt pou fè manti ak pale pawòl konwonpi devan m, jiskaske bagay la vin chanje. Pou sa a, fè m konnen rèv la pou m ka konnen ke nou kapab deklare entèpretasyon li ban mwen.”
10Kaldeyen yo te reponn wa a, e te di: “Nanpwen yon nonm sou latè ki kapab deklare bagay la bay wa a, otan ke okenn gwo wa oswa chèf pa t janm mande okenn bagay konsa a okenn #Dan 2:2-27majisyen, mèt wanga, oswa Kaldeyen. 11Anplis, bagay ke wa a mande a difisil, e nanpwen okenn lòt moun ki ka deklare li bay wa a sof ke #Jen 41:39dye yo, ki pa rete nan chè mòtèl.”
12Akoz sa, wa a te vin #Sòm 76:10ranpli ak kòlè ak gwo mekontantman, e li te bay lòd pou detwi tout mesye saj Babylone yo. 13Konsa, dekrè a te pibliye ke mesye saj yo ta dwe touye. Konsa, yo t ap chache #Dan 1:19-20Daniel ak zanmi li yo pou touye yo.
14Men Daniel te reponn ak sajès e ak bon konprann a #Dan 2:24Ajoc, chèf kò gad a wa a, ki te ale deyò pou touye mesye saj a Babylone yo. 15Li te di a Ajoc, chèf pou wa a: “Pou ki rezon dekrè a wa a prese konsa?” Epi Ajoc te pale Daniel tout bagay la. 16Konsa, Daniel te antre anndan e te fè yon demann a wa a pou li ta bay li tan, pou l ta ka deklare entèpretasyon an bay a wa a.
17Epi Daniel te ale lakay li. Li te fè zanmi li yo #Dan 1:6Hanania, Mischaël, ak Azaria okouran konsènan bagay sila a, 18pou yo ta kapab #Est 4:15fè yon demann mizerikòd a Bondye syèl la konsènan mistè sa a, pou Daniel ak zanmi li yo pa ta vin detwi ak lòt nan mesye saj a Babylone yo. 19Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon #Nonb 12:6vizyon lanwit la. 20Daniel te di:
“Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,
paske #I Kwo 29:11-12sajès ak pouvwa se pou Li.
21Se Li menm ki #Sòm 31:15chanje tan ak sikonstans yo.
Li retire wa e Li etabli wa.
Li bay sajès a moun saj yo,
e konesans a moun ki gen bon konprann.
22Se Li menm ki #Job 12:22revele sekre pwofond yo.
Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,
e se limyè a ki rete avè L.
23A Ou menm, O #Jen 31:42Bondye de papa zansèt mwen yo,
mwen remèsi Ou.
Mwen bay Ou lwanj,
paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.
Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa
ke nou te mande Ou a,
Paske Ou te revele a nou menm pwoblem a wa a.”
24Akoz sa, Daniel te antre kote Ajoc, ke wa a te chwazi pou detwi mesye saj a Babylone yo. Li te antre e te pale avè l konsa: #Dan 2:12-13 “Pa detwi mesye saj a Babylone yo! Pran m antre nan prezans a wa a, e mwen va deklare entèpretasyon an bay wa a.”
25Konsa, Ajoc te #Dan 1:7mennen Daniel byen vit devan prezans a wa a, e li te pale avèk li konsa: “Mwen te twouve yon nonm pami egzile Juda yo ki kapab fè wa a konnen entèpretasyon an.”
26Wa a te di a Daniel, ki te rele #Jen 46:8-27Beltschatsar: “Èske ou kapab fè m konnen rèv ke m te fè a, ak entèpretasyon li an?”
27Daniel te reponn devan wa a. Li te di: #Dan 2:2-11“Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a. 28Men gen yon Bondye nan syèl la ki devwale mistè yo, e Li te fè konnen a Wa Nebucadnetsar sa ki va rive nan #Jen 49:1dènye jou yo. Men rèv ak vizyon nan tèt ou yo sou kabann ou an, se konsa:
29“Konsènan ou menm, o wa, pandan sou kabann ou an, refleksyon ou te vire vè sa ki ta vin rive nan tan ki gen pou vini yo. Epi #Dan 2:23-47Sila ki fè revelasyon mistè yo te fè ou konnen sa k ap vini yo. 30Men selon mwen menm, mistè sa a pa t revele a mwen menm akoz sajès ki plis pase tout lòt moun k ap viv yo, men pou bi ke entèpretasyon an ta kapab vin konnen a wa a, e ke ou ta ka konprann #Sòm 139:2refleksyon a panse ou yo.
31“Ou menm, O wa, ou t ap gade e vwala, te gen yon sèl gwo estati. Estati sa a, ki te byen laj e tèlman bèl, te kanpe devan ou e aparans li te #Hab 1:7etonan. 32#Dan 2:38Tèt estati a an lò fen, lestomak ak bra li an ajan, vant li ak kwis li an bwonz, 33janm li an fè, pye li, yon pati an fè e yon pati an ajil. 34Ou te kontinye gade, jiskaske yon pyè wòch te taye #Dan 8:25san men moun, e li ta frape estati a sou pye li ki fèt an fè ak ajil la e li te kraze yo an mòso. 35Epi fè a, ajil la, bronz ak ajan an te vin kraze nan menm moman an e te vin tankou pay ki sòti sou glasi vannen nan gran sezon. Konsa, van te pote yo ale jiskaske #Sòm 37:10yo pa t menm jwenn tras yo. Men wòch ki te frape estati a te vin fè yon gwo mòn, e te ranpli tout latè.
36“Se sa ki te rèv la. Konsa, nou va bay #Dan 2:24lentèpretasyon li devan wa a. 37Ou menm, O wa, ou se #És 47:5wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a. 38Epi nenpòt kote fis a lòm yo rete, oswa #Sòm 50:10-11bèt nan chan yo, oswa zwazo syèl yo, Li te bay yo nan men ou, e Li te fè ou chèf sou yo. Ou se tèt an lò a.
39“Apre ou, va leve yon lòt wayòm ki enferyè a ou menm e yon lòt twazyèm ak bwonz, ki va renye sou tout latè. 40Epi va gen yon #Dan 7:23katriyèm wayòm ak fòs tankou fè. Menm jan ke fè a kraze e fann tout bagay yo, konsa, tankou fè ki kraze vin fè anpil mòso yo, li va vin kraze e fann tout sila yo an mòso. 41Nan sila ou te wè pye ak dwèt pye yo, yon pati an fè ak yon pati an ajil la, li va yon wayòm divize. Men li va genyen nan li kapasite pou vin di kon fè, jan ou te wè fè a mele ak ajil la. 42Dwèt pye li yo te mele fè ak kanari; konsa, yon pati nan wayòm nan va fò e yon pati va frajil. 43Epi jan ou te wè fè a mele ak ajil òdinè a, yo va vin mele youn ak lòt nan jèm a lòm; men yo p ap kole byen youn ak lòt, menm jan fè a pa mele ak kanari.
44“Nan jou a wa sila yo, Bondye syèl yo va #És 9:6-7etabli yon wayòm ki p ap janm detwi, e wayòm sa a p ap lese pou yon lòt pèp. Li va kraze e mete fen a tout wayòm sila yo, men li va, li menm dire pou tout tan. 45Jan ou te wè ke yon wòch te taye sòti sou yon mòn san sèvi ak men moun e ke li te kraze fè a, bwonz lan, ajil la, ajan an, ak lò a #Det 10:17gran Bondye a te fè konnen a wa a sa ki va rive nan tan k ap vini an. Donk, rèv la vrè e entèpretasyon li fèt ak fidelite.”
46Konsa, Wa Nebucadnetsar te tonbe sou figi li. Li te rann #Dan 3:5-7omaj a Daniel e li te pase lòd pou prezante li ak yon ofrann ak lansan ki santi bon. 47Wa a te reponn Daniel. Li te di: “Anverite, Bondye ou a se yon #Det 10:17Dye a tout dye yo, yon Senyè a wa yo, e youn ki devwale mistè yo; paske ou te vin gen kapasite pou revele mistè sila a.”
48Konsa, wa a te #Jen 41:39-43Leve Daniel, te bay li anpil gwo kado. Li te fè li chèf sou tout pwovens a Babylone yo, e li te vin chèf an tèt a tout mesye saj a Babylone yo. 49Daniel te fè yon demann a wa a, e wa a te chwazi Schadrac, Méschac ak Abed-Nego sou tout afè yo nan pwovens Babylone, men se te Daniel ki te rete nan pòtay a wa a.

Chwazi Kounye ya:

Daniel 2: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte