Amos 7

7
1Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo #Jl 1:4 rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la. 2Epi li te vin rive lè li te #Egz 10:15fin manje tout plant peyi a, ke m te di: “Senyè BONDYE, souple, padone! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman #És 37:4 piti!”
3SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di.#És 13:10; Det 32:36
4Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak #Det 32:22 dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren nan. 5Epi mwen te di: “Senyè, souple, sispann! #Am 7:2 Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
6SENYÈ a te #Sòm 106:45 repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di.
7Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L. 8SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?”
Mwen te di: “Yon filaplon.”
Konsa, Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon #II Wa 21:13filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap #Jr 15:6 kite yo chape ankò. 9#Jen 46:1Wo plas Isaac yo va vin abandone, e #Lev 26:31 sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”
10Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te #Jr 26:8-11 fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo. 11Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’”
12Amatsia te di a Amos: #Mat 8:34 “Ale, ou menm ki divinò, sove ale nan peyi Juda. Manje pen e pwofetize la! 13Men #Am 2:12pa pwofetize nan Béthel, paske se #I Wa 12:29,32 sanktyè ak rezidans la a wa a!”
14Konsa, Amos te reponn a Amatsia: “Mwen pa t yon pwofèt, ni mwen pa t fis a yon pwofèt; men mwen te yon gadyen bèt ak yon kiltivatè pye fig frans.#I Wa 20:35 15Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an, e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale #Jr 1:7 pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’ 16Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, #Det 32:2 ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’ 17Akoz sa, SENYÈ a di: #Os 4:13,14‘Madanm ou va devni yon pwostitiye nan vil la, #Jr 14:16 fis ou yo ak fi ou yo va tonbe pa nepe, peyi ou a va divize ak yon lign apantaj, e ou menm, ou va mouri nan yon peyi ki pa pwòp. Anplis, Israël va anverite kite peyi li a pou li ale an egzil.’”

Chwazi Kounye ya:

Amos 7: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte