Amos 6

6
1Malè a sila ki alèz nan Sion yo,
e ak sila ki santi yo ansekirite nan mòn Samarie yo,
# Egz 19:5 mesye ki distenge pami meyè nan nasyon yo,
a sila lakay Israël konn vini yo.
2Ale janbe kote #Jen 10:10Calné pou gade.
Soti la rive Hamath Gran an,
pou desann kote Gath de Filisten yo.
Èske yo pi bon ke wayòm sila yo?
Èske teritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?
3Malè a nou ki konn #És 56:12ranvoye jou malè!
Ka pote sant vyolans lan vin pi pre!
4K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo,
k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo,
e k ap #Éz 34:2,3manje jenn mouton ki soti nan pak la,
ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;
5sila ki enpwovize ak son ap la,
ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;
6Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo
onksyone kò yo ak pi bon lwil yo,
malgre sa, yo pa #Éz 9:4kriye pou Joseph,
ki fin devaste nèt la.
7Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo.
Banbòch a sanzave yo va sispann.#És 13:10; Am 7:11,17
8Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm,
SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare:
“Mwen rayi awogans a Jacob la,
e Mwen deteste sitadèl li yo.
Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”#És 13:10; Lev 26:30
9Epi li va vin rive ke si genyen dizòm ki rete
nan yon kay, yo va mouri.
10Alò tonton a youn, oswa #I Sam 31:12 mèt mòg k ap antere l a va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a #Jr 44:26pa dwe nonmen menm.”
11“Paske gade byen, SENYÈ a pral #És 55:11 kòmande
# II Wa 25:9 pou gwo lakay la vin kraze nèt,
e ti kay la an ti mòso.
12Èske cheval konn kouri sou wòch,
oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf?
Konsa, nou te fè #I Wa 21:7-13Lajistis vin tounen pwazon
e fwi ladwati vin anmè nèt.
13Nou menm k ap rejwi nan yon #Job 8:14,15bagay ki pa anyen,
epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj
nou nou rive pran kòn nan pou nou?’
14Paske gade byen, Mwen pral leve yon nasyon
kont nou, O lakay Israël,”
deklare SENYÈ Bondye dèzame yo;
“e yo va aflije nou soti nan antre Hamath
pou rive jis nan flèv Araba a.”

Chwazi Kounye ya:

Amos 6: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte