Amos 4

4
1Tande pawòl sa a, nou menm, vach #Sòm 22:12 Basan k ap rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere, k ap kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote bwason nou!”
2Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li,
“Gade byen, jou yo ap vini sou nou,
lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann,
e dènye bout nan nou ak gaf pwason.#És 37:29; Jr 16:16
3Nou va #Jr 52:7sòti atravè brèch miray yo,
nou chak tou dwat devan li a,
e konsa, nou va jete nan sitadèl la,” deklare SENYÈ a.
4“Antre nan Béthel pou fè peche;
nan Guilgal pou miltipliye peche yo!
# Nonb 28:3 Pote sakrifis nou yo chak maten,
dim nou yo chak twa jou.
5Ofri yon #Lev 7:13 ofrann remèsiman,
sitou sa ki gen ledven ladan,
epi pwoklame #Lev 22:18-21ofrann bòn volonte yo.
Fè l parèt wo pou moun wè!
Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm,
fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.
6“Men Mwen te bay nou anplis, #És 3:1dan netwaye
nan tout vil nou yo,
ak mank pen tout kote.
Malgre sa, nou pa t retounen
vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
7Anplis de sa, Mwen te #Det 11:17fè lapli sispann
pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la.
Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil
pandan Mwen te refize li nan yon lòt.
Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t
resevwa lapli a te seche.
8Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan
yon lòt pou bwè #I Wa 18:5 dlo, men yo pa t satisfè;
malgre sa, nou #Jr 3:7pa t retounen vin jwenn Mwen,
deklare SENYÈ a.
9Mwen te #Det 28:22 frape nou ak van cho, ak lakanni;
epi #Jl 1:4,7cheni te devore jaden ak chan
rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”
deklare SENYÈ a.
10“Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou,
tankou sa ki te konn rive an Égypte yo.
Mwen te #Jr 11:22 touye jenn mesye nou yo ak nepe,
e te retire cheval nou yo.
E Mwen te fè #Jl 2:20movèz odè kan ou
monte antre nan nen nou.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”
deklare SENYÈ a.
11“Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt,
jan #Jen 19:24,25; So 3:2Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe.
Nou te tankou yon bout bwa byen cho
ki te rache soti nan dife;
malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
12“Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou, O Israël!
Paske se sa Mwen va fè ou;
prepare pou #És 32:11 rankontre Bondye ou a, O Israël.
13Paske gade byen, Sila ki #Job 38:4-7 fòme mòn yo,
ki kreye van an,
e ki #Dan 2:28,30deklare a lòm tout refleksyon li yo;
sila ki fè jou leve nan fènwa a,
e ki foule wo plas sou latè yo;
SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.”

Chwazi Kounye ya:

Amos 4: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte