Travay 23

23
1Paul te gade konsèy la avèk atansyon, e te di: “Frè yo #Trav 24:16mwen viv lavi m avèk yon trè bon konsyans devan Bondye jiska jodi a.”
2Wo prèt la, Ananias te kòmande sila ki te kanpe akote l yo pou #Jn 18:22frape l sou bouch li.
3Konsa, Paul te di li: “Bondye pral frape ou, ou menm miray ki blanchi avèk lacho! Èske ou #Lev 19:15chita pou jije m selon Lalwa a, e nan vyolasyon Lalwa a, ou pase lòd pou yo frape m?”
4Men sila ki te akote yo te di: “Èske se ensilte w ap ensilte wo prèt Bondye a?”
5Paul te reponn: “Mwen pa t okouran, frè m yo, ke li te wo prèt la. Paske sa ekri: #Egz 22:28‘Nou pa pou pale mal a yon chèf a pèp nou an’”.
6Men byen konprann ke yon pati se te Sadiseyen yo, e lòt la, Farizyen yo, Paul te kòmanse kriye fò nan konsèy la: “Frè m yo, mwen menm se yon Fariziyen, yon fis a Farizyen. Mwen ap jije devan tribinal a pou #Trav 24:15,21esperans nan rezirèksyon a mò yo!”
7Pandan li te di sa, te vin rive gen yon gran dezakò antre Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi asanble a te divize. 8Paske Sadiseyen yo di ke #Mat 22:23nanpwen rezirèksyon, ni zanj, ni lespri, men Farizyen yo rekonèt yo tout.
9Konsa, te vin rive gen yon gwo tapaj. Kèk nan skrib pati Farizyen yo te kanpe e te kòmanse diskite byen cho. Yo t ap di: “Nou pa twouve okenn fot avèk nonm sila a. Si se#Jn 12:29 yon lespri oswa yon zanj te pale ak li, annou pa goumen kont Bondye!”
10Pandan konfli a t ap devlope, kòmandan an te pè pou yo pa ta chire Paul an mòso. Konsa, li te kòmande sòlda yo pou desann, retire li pami yo ak lafòs, e #Trav 21:34mennen l nan kazèn nan.
11Men nan nwit swivan an, Senyè a te kanpe akote l e te di: “Pran kouraj, paske #Trav 19:21menm jan ke ou temwaye seryezman e konplètman pou kòz mwen Jérusalem nan, menm jan an ou oblije temwaye nan Rome osi.”
12Lè jounen an te rive #Trav 9:23Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul. 13Te gen plis ke karant moun ki te fòme konplo sila a. 14Yo te vini a chèf prèt ak ansyen yo, e te di: “Nou vin #Trav 23:12,21mare ansanm anba yon sèman serye e konplè pou pa goute anyen jiskaske nou touye Paul. 15Alò, konsa, ou menm avèk #Trav 22:30konsèy la avèti kòmandan an pou l mennen l desann kote nou, kòmsi nou t ap pral detèmine ka li a pi pre. E pou pati pa nou, nou prè pou touye l avan li rive pre kote a.”
16Men fis a sè Paul la te tande afè konplo sila a, e li te vin antre #Trav 21:34kazèn nan pou te enfòme Paul.
17Konsa, Paul te rele youn nan santenye kote l yo e te di li: “Mennen jennonm sila a kote kòmandan an paske li gen yon rapò pou bay li.”
18Alò li te pran li, e te mennen li bay kòmandan an e te di l: “Paul #Ef 3:1prizonye a te rele mwen vè jennonm sila a pou vin kote w akoz li gen yon bagay pou di w.”
19Kòmandan an te pran l pa lamen, e te rale l akote pou mande l an prive: “Kisa ou gen kòm rapò pou ban mwen an?”
20Li te di: “Jwif yo gen tan fin dakò pou mande ou mennen Paul devan #Trav 22:30konsèy la demen, kòmsi yo t ap pral mande plis enfòmasyon sou li menm. 21Pa kwè yo, paske #Trav 23:12,14plis ke karant nan yo ap tann pou atake l. Yo gen tan mare yo menm anba yon sèman pou yo pa ni manje ni bwè jiskaske yo touye l; koulye a y ap tann ou vin bay pèmisyon.”
22Kòmandan an te kite jennonm nan ale. Li te di l: “Pa di pèsòn ke ou pale bagay sa yo avè m.”
23Konsa, li te rele de nan santenye yo. Li te di yo: “Ale fè de-san sòlda prè pou twazyèm lè nwit lan, pou pati pou #Trav 8:40Césarée, avèk swasann-dis chevalye, ak de-san sòlda ak lans.” 24Yo te gen osi pou prepare cheval pou mete Paul, pou fè l rive sof kote #Trav 23:26,33Félix gouvènè a. 25Epi li te ekri yon lèt nan fòm sila a:
26Claude Lysias, a #Luc 1:3trè ekselan Gouvènè Félix; Salitasyon.
27“Lè mesye sa a te arete pa Jwif yo, e te prèt pou l te touye pa yo, mwen #Trav 21:32te vini sou yo avèk sòlda yo pou sekouri l, akoz ke m #Trav 22:25-29te vin konprann ke li te yon sitwayen Women. 28Epi akoz ke mwen te #Trav 22:30vle konprann chaj ke yo te pote kont li an, mwen te fè l rive devan Konsèy pa yo a. 29Konsa, mwen te vin twouve ke li te akize sou kesyon konsènan pwòp lwa pa yo, men pa anba #Trav 23:9okenn akizasyon ki te merite lanmò oubyen prizon.
30“Lè m te #Trav 23:20enfòme ke ta gen yon konplo kont li, mwen te voye li kote ou sibitman, e osi te enstwi akizatè li yo pou mennen chaj kont li yo devan ou.”
31Konsa, sòlda yo selon lòd pa yo, te pran Paul pou mennen l nan nwit lan devan Antipatris. 32Men nan pwochen jou a yo te #Trav 23:23kite chevalye yo ale avè l, e yo te retounen nan Kazèn nan. 33Lè sa yo te rive Césarée e te livre lèt la bay #Trav 23:24,26Gouvènè a, yo te prezante Paul devan l.
34Lè li te fin li l, li te mande nan ki #Trav 25:1pwovens li te sòti, e lè li te vin aprann ke #Trav 21:39se te Cilicie, 35li te di: “Mwen va bay ou yon odyans apre #Trav 23:30akizatè ou yo vin rive tou.” Konsa, li te bay lòd pou yo ta kenbe l nan Pretwa Hérode la.

Chwazi Kounye ya:

Travay 23: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte