Travay 20

20
1Aprè tapaj la te fin sispann, Paul te voye pou #Trav 11:26disip yo. Lè l fin ekzòte yo, li te pran konje de yo, e li te sòti pou ale #Trav 16:9Macédoine. 2Lè l te fin travèse tout distri sila yo e te bay yo anpil ekzòtasyon, li te rive nan peyi Grèce.
3Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon #Trav 9:23konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine. 4Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis #Trav 19:29Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak #Trav 21:29Trophime ki sòti an Asie. 5Men sila yo te ale avan, e t ap tann #Trav 16:10nou #Trav 16:8Troas.
6Nou te pran bato a vwal soti #Trav 16:12Philippes, apre #Trav 12:3jou a Pen San Ledven yo. Nou te vin jwenn yo Troas nan senk jou, e te rete la pandan sèt jou. 7Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou #Trav 2:42kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi. 8Te gen anpil lanp nan #Trav 1:13chanm anlè kote nou te reyini ansanm nan.
9Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy.
Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri.
10Men Paul te desann e te tonbe sou li, epi apre li fin anbrase l, #Mat 9:23li te di: “Pa twouble, paske lavi li nan li.” 11Lè Paul te fin remonte #Trav 2:42e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati. 12Yo te pran jennonm nan ale tou vivan, e yo te byen rekonfòte.
13Men #Trav 16:10nou menm, nou te fè avan pou pran bato k ap rive Asòs, kote nou te fè plan pou Paul ta monte bato a. Se konsa li te aranje sa, akoz ke li menm t ap pase pa tè. 14Epi lè l te rankontre nou Asòs, nou te pran li abò, e te vini Mitilèn.
15Soti la nan bato a vwal la, jou swivan an, nou te rive anfas Chios. Jou apre a nou te travèse Samòs, e jou swivan a nou te rive #Trav 20:17Milèt.
16Paske Paul te fè desizyon pou depase Éphèse pou l pa ta oblije pase tan an Asie. Li t ap prese pou l te #Trav 19:21rive Jérusalem, si se te posib #Trav 2:1nan jou Fèt Lapannkot la.
17Soti nan Milèt li te voye Ephèse pou rele #Trav 11:30ansyen a legliz yo pou rive kote l. 18Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke #Trav 18:19depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan 19pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz #Trav 20:3konplo a Jwif yo. 20Kòman mwen #Trav 20:27pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay. 21Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de #Trav 2:38repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.
22“Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, #Trav 17:16mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la, 23sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen. 24Men #Trav 21:13mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab #Trav 13:25fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.
25“Epi koulye a, veye byen, mwen konnen ke nou tout, pami sila mwen te pase, e te #Mat 4:23preche wayòm nan, p ap wè figi m ankò. 26Alò, mwen temwaye a nou nan jou sa, ke #Trav 18:6mwen inosan de san tout moun. 27Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout #Trav 13:36volonte a Bondye a nèt.
28“Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke #Ef 1:7,14Li te achte avèk pwòp san Li.
29“Mwen konnen ke apre mwen pati, #Éz 22:27lou sovaj va vini pami nou, loup ki p ap fè gras menm a bann twoupo a. 30Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene #Trav 11:26disip yo pou yo ta swiv yo. 31Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou #Trav 20:19avèk dlo nan zye m.
32“Epi koulye a, mwen #Trav 14:23rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.
33 # I Kwo 9:4-18 “Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun. 34Nou menm nou konnen ke #Trav 18:3men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo. 35Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’
36Lè l te fin di bagay sa yo, li te #Trav 9:40mete l a jenou, e te priye avèk yo tout.
37Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te #Luc 15:20anbrase Paul, e t ap bo l anpil. 38Yo te ranpli ak gwo lapèn, sitou sou #Trav 20:25pawòl li te pale a, ke yo pa t ap wè fas li ankò. Konsa yo te akonpanye li rive nan bato a.

Chwazi Kounye ya:

Travay 20: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte