Travay 18

18
1Apre bagay sa yo li te kite Athènes e te ale #Trav 18:8Corinthe.
2Epi li te twouve yon sèten Jwif la ki te rele #Trav 18:18,26Aquilas, yon moun Pont ki te fenk vin sòti Italie avèk madanm li Priscille, paske Claude te kòmande tout Jwif yo pou kite Rome. Paul te ale kote yo. 3Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e #Trav 20:34yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye. 4Li t ap rezone nan sinagòg la chak #Trav 13:14Saba pou l konvenk Jwif yo ak Grèk yo pou kwè.
5Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou #Trav 20:21temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te #Trav 17:3Jésus ki te Kris la. 6Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke #II Sam 1:16san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a #Trav 13:46mwen va ale kote pèp etranje yo.”
7Answit li te kite la pou ale lakay a yon sèten nonm ki te rele Titius Justus, yon adoratè #Trav 13:43Bondye, ki te gen kay li toupre sinagòg la.
8 # II Sam 1:16 Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a #Trav 13:46avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.
9Epi Senyè a te di Paul nan yon #Trav 9:10vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans; 10paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.” 11Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.
12Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië #I Tes 2:1Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan #Mat 27:19chèz jijman an. 13Yo t ap di: “Nonm sila ap fè moun kwè pou adore Bondye #Jn 19:7kont lalwa a.”
14Men lè Paul te prèt pou #Mat 5:2louvri bouch li, Gallion te di a Jwif yo: “Si se te yon ka a yon enjistis, oswa yon krim visye, O Jwif yo, li ta rezonab pou m ta bay nou soutyen. 15Men si gen #Trav 23:29kesyon konsènan pawòl, oswa non, oswa pwòp lwa pa nou, okipe sa nou menm. Mwen pa gen enterè nan jije bagay sa yo.” 16Epi li te chase yo sòti devan #Mat 27:19chèz jijman an.
17Konsa, yo tout te sezi #I Kwo 1:1Sosthène, mèt sinagòg la, e te kòmanse bat li devan chèz jijman an. Men Gallion pa t okipe bagay sa yo menm.
18Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées #Nonb 6:2,5,9,18li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.
19Yo te rive #Trav 18:21,24Éphèse, e li te kite yo la. Alò, li menm te antre nan sinagòg la pou te rezone avèk Jwif yo. 20Lè yo te mande li pou rete avèk yo pou plis tan, li pa t dakò, 21men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò #Wo 1:10si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse.
22Lè l te rive #Trav 8:40Césarée, li te monte pou salye legliz la, e li te desann #Trav 11:19Antioche.
23Lè l te fin pase kèk tan la, li te sòti e te travèse youn apre lòt, nan rejyon a #Trav 16:6Galatie a ak Phrygie kote li te ranfòse tout disip yo.
24Alò, yon sèten Jwif ki te rele #Trav 19:1Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse. 25Mesye sa te enstwi #Trav 9:2nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman #Luc 7:29batèm a Jean an. 26Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè #Trav 18:2,18Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.
27Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a #Trav 11:26disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo. 28Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre #Trav 8:35atravè Ekriti Sen yo ke #Trav 18:5Jésus se te Kris la.

Chwazi Kounye ya:

Travay 18: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte