Travay 16

16
1Paul te vini osi nan Derbe ak Lystre.
Yon disip yo te rele #Trav 17:14Timothée te la, Fis a yon #II Tim 1:5fanm Jwif ki te yon kwayan, men papa li te yon Grèk. 2Tout #Trav 16:40frè fidèl ki te nan Lystre avèk Icone yo te pale byen de li. 3Paul te vle Timothée ale avè l. Pou rezon sa a, #Gal 2:3 li te fè li sikonsi, akoz Jwif ki te nan landwa sila yo. Paske yo tout te konnen ke papa l se te yon Grèk.
4Alò, pandan yo t ap travèse vil yo, yo t ap livre bay #Trav 15:28desizyon a ki te detèmine pa apòt yo ak ansyen yo nan Jérusalem. 5Donk #Trav 9:31legliz yo t ap ranfòse nan lafwa, e yo t ap #Trav 2:47grandi an nonb chak jou.
6Yo te travèse rejyon a Phrygie ak #Trav 18:23Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie. 7Lè yo te vini Mysie, yo te eseye antre Bithynie, men #Luc 24:49Lespri Jésus a pa t pèmèt yo. 8Lè yo te kite Mysie, yo te desann #Trav 16:11Troas.
9Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin #Trav 16:10,12Macédoine pou ede nou.” 10Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te #Trav 16:10-17chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.
11Donk, nou te pran vwal sou lanmè soti #Trav 16:8Troas. Nou te kouri tou dwat pou Samothrace, e nan jou swivan an, pou Néapolis. 12Nou te kite la pou #Trav 20:6Philippes, yon vil prensipal nan distri Macédoine nan, yon koloni Women.Nou te rete nan vil sa pandan kèk jou.
13Nan #Trav 13:14jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo.
14Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon #Trav 18:7adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te #Luc 24:45louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo. 15Lè li menm ak #Trav 11:4tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.
16Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon #Lev 19:31Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo. 17Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè yo a #Mc 5:7Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, youn chemen sali a.” 18Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou.
Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou #Luc 10:17nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E lespri a te sòti de li nan menm moman an.
19Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou #Trav 16:16fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te #Trav 17:6trennen yo nan mache a devan otorite yo. 20Lè yo te mennen yo a chèf majistra yo, yo te di: “Mesye sa yo se Jwif yo k ap boulvèse vil nou an. 21Y ap #Est 3:8pwoklame koutim ki pa pèmèt pou nou aksepte ni obsève kòm Women.”
22Konsa, foul la te leve ansanm kont yo. Chèf majistra yo te chire rad yo. Yo te kòmande pou yo bat yo avèk baton.
23Lè yo te fin bay yo anpil kou, yo te jete yo nan prizon, e te kòmande #Trav 16:27,36jandam prizon an pou veye yo de prè. 24Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo #Job 13:27nan chèn.
25Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e #Ef 5:19chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.
26Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman #Trav 12:10tout pòt prizon an te vin louvri, e #Trav 12:7chèn tout moun te vin detache.
27 # Trav 16:23,36 Jandam prizon an te leve nan dòmi, e lè l te wè tout pòt yo te vin ouvri, li te rale nepe #Trav 12:19pou touye tèt li, paske li te sipoze ke prizonye yo te chape.
28Men Paul te kriye ak yon vwa fò pou di l: “Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!”
29Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan #Trav 16:19Paul ak Silas, 30te mennen yo deyò, e li te mande yo: “Mesye yo #Trav 2:37kisa mwen dwe fè pou m ta sove?”
31Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk #Trav 11:14lakay ou.” 32Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.
33Li te pran yo #Trav 16:25nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. 34Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk #Trav 11:14tout lakay li.
35Alò, lè jounen an te rive, chèf majistra yo te voye jandam yo pou di: “Lage moun sa yo.”
36 # Trav 16:27 Jandam prizon an te fè rapò sa a bay Paul. Li te di: “Chèf majistra yo gen tan voye lage nou. Konsa, vin deyò kounye a e ale #Trav 15:33anpè.”
37Men Paul te di yo: “Yo gen tan bat nou an piblik san jijman, #Trav 22:25-29moun ki se sitwayen Women, e yo te jete nou nan prizon. Alò, koulye a y ap voye nou ale an sekrè? Anverite, non! Men kite yo vini yo menm, pou mete nou deyò.”
38Jandam yo te bay rapò a pawòl sila yo bay chèf majistra yo. #Trav 22:29Yo te pè lè yo te tande ke se te Women yo te ye. 39Yo te vini pou te fè apèl ak yo, e lè yo te fin lage yo, yo te mande yo #Mat 8:34pou kite vil la.
40Yo te kite prizon an e te antre lakay Lydie. Lè yo te wè frè yo, yo te ankouraje yo, e yo te pati.

Chwazi Kounye ya:

Travay 16: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte