Travay 10

10
1Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan #Trav 8:40kowòt Italyen an. 2Li te yon mesye fidèl #Trav 10:22,35ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te #Luc 7:4bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.
3Anviwon #Trav 3:1nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè #Trav 9:10nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!”
4Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?”
Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou #Eb 6:10kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye. 5Koulye a, voye kèk moun #Trav 9:36Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre. 6Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele #Trav 9:43Simon ki rete bò lanmè a.”
7Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan. 8Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo #Trav 9:36Joppé.
9Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la #Trav 10:9-32Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye. 10Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te #Trav 11:5tonbe nan yon rèv. 11Konsa, li te wè #Jn 1:51syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè. 12Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo. 13Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”
14Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske #Lev 11:20-25Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”
15Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: #Mat 15:11“Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”
16Sa te rive twa fwa; epi imedyatman, bagay la te vin remonte nan syèl la.
17Alò, Pierre te byen twouble nan lespri li sou sa vizyon li te wè te siyifi a. Epi konsa #Trav 10:8mesye ki te voye pa Corneille yo, lè yo te fin mande tout direksyon pou kay Simon, te parèt nan pòtay la. 18Yo te rele anlè, pou mande si Simon, ke yo rele osi Pierre a te rete la.
19Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an #Trav 8:29Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou. 20Alò, leve desann eskalye a pou #Trav 15:7-9akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”
21Pierre te desann vè moun yo. Li te di yo: “Se mwen menm nou ap chache a. Se pou ki rezon nou vini an?”
22Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e #Trav 10:2ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande #Trav 11:14yon mesaj de ou menm.”
23Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman.
Nan jou swivan a, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li.
24Nan youn jou pi tà, li te antre #Trav 8:40Césarée.
Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo. 25Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou #Mat 8:2adore li.
26Men Pierre te leve l e te di: #Trav 14:15“Kanpe non, mwen menm se sèlman yon moun.”
27Pandan li t ap pale avèk li, li te antre, e te twouve #Trav 10:24anpil moun deja reyini. 28Pierre te di yo: “Nou menm nou konnen kijan sa kont lalwa pou yon nonm ki se yon Jwif vin asosye avèk yon etranje, ni pou vizitè li. Men #Trav 10:14,35Bondye te deja montre m ke mwen pa dwe rele pèsòn pa sen oubyen pa pwòp. 29Se pou rezon sa ke m te vini menm san okenn objeksyon lè yo te fè mwen vini an. Konsa, mwen mande pou ki sa nou fè mwen vini an?”
30Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala #Trav 10:3-6,30-32yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye. 31Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye. 32Pou sa, voye #Jn 4:9Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’ 33Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”
34 # Mat 5:2 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke #Det 10:17Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, 35men nan tout nasyon yo, sila a ki #Trav 10:2gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm. 36Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche #Ef 2:17lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se #Wo 10:12Senyè a tout moun.
37“Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a; 38sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li #Mat 4:23te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.
39“Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te #Trav 5:30mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa. 40#Trav 2:24Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib 41#Jn 14:19,22pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a. 42Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm #Jn 5:22,27Jij a vivan e a mò yo.
43“A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon #Luc 24:47non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”
44Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, #Trav 11:15Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.
45 # Trav 10:23 Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske #Trav 2:33,38don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou. 46Paske yo te tande yo #Trav 2:4pale an lang, e egzalte Bondye.
Alò, Pierre te reponn: 47#Trav 8:36“Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila #Trav 2:4ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?” 48Epi li te kòmande yo pou batize #Trav 2:38nan non Jésus Kri.
Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.

Chwazi Kounye ya:

Travay 10: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte