II Timothée 2
2
1Konsa, ou menm, fis mwen an #Ef 6:10se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a. 2Bagay #II Tim 1:13ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.
3 #
II Tim 1:8
Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus. 4Nanpwen sòlda an sèvis ki #II Pi 2:20mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.
5Osi, si yon moun nan #I Kor 9:25konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo.
6 #
I Kor 9:10
Kiltivatè ki travay di a ta dwe premyè pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.
7Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.
8Sonje Jésus Kri #Trav 2:24leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an. 9Pou li menm, mwen #II Tim 1:8soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone. 10Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou #Luc 18:7koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.
11“Sa se yon vrè pawòl:
Paske #Wo 6:8si nou te mouri avèk Li,
nou va osi viv avèk Li.
12Si nou andire,
nou va osi renye avèk Li.
Si nou #Mat 10:33rejte Li,
Li tou va rejte nou.
13Si nou pa fidèl
#
Wo 3:3
Li rete fidèl;
paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”
14Fè yo sonje bagay sa yo, e#I Tim 5:21anchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa #I Tim 6:4goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo. 15Se pou ou dilijan pou #Wo 6:13prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
16Men evite #I Tim 6:20pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.
17Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, #I Tim 1:20Hyménée ak Philète: 18Moun ki te egare kite verite yo nan di ke #I Kor 15:12rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.
19Malgre #És 28:16fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”
20Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. #Wo 9:21Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore. 21Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de #II Tim 2:16-18bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.
22Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo #I Tim 1:5avèk yon kè ki san tach. 23Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap #Tit 3:9prodwi konfli.
24Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk #I Tim 3:2yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou #Trav 8:22si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a #I Tim 2:4konesans verite a, 26pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba #I Tim 3:7pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.
Chwazi Kounye ya:
II Timothée 2: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith