Tit 2

2
Swiv yon ansèyman ki bon
1Men pou ou menm, Tit, ou dwe bay yon ansèyman ki ede moun vin gen yon bon sante espirityèl. 2Mande pou granmoun yo gen kontwòl sou pwòp lavi yo. Yo dwe aji yon jan ki fè moun gen respè pou yo. Se pou yo reflechi byen sou jan y ap viv. Lafwa yo, lanmou yo ak pasyans yo dwe montre yo se moun ki nan Bondye.
3Anseye madanm ki granmoun yo tou, yo dwe viv jan moun k ap sèvi Bondye dwe viv. Yo pa dwe ap mache di move bagay sou lòt moun. Yo pa dwe esklav alkòl. Yo dwe anseye byen. 4Konsa, y ap montre jèn madanm marye yo kijan pou yo renmen mari yo ansanm ak pitit yo. 5Yo dwe byen panse sou jan y ap viv. Yo dwe kenbe tèt yo pwòp. Yo dwe dirije kay yo byen. Epi yo dwe prèt pou rann mari yo sèvis. Lè sa a, pèsòn p ap jwenn mwayen pou kritike ansèyman Bondye ban nou fè a.
6Menm jan an tou, di jenn gason yo, yo dwe byen panse sou jan y ap mennen lavi yo. 7Ou menm, ou dwe yon egzanp pou yo nan tout bagay, nan bon jan aksyon ou ap fè. Se pou ansèyman w pwòp epi se pou sa fè moun respekte w. 8Sa vle di, se pou w anseye yon fason ki dwat epi byen klè, pou moun pa jwenn chans kritike ansèyman w. Konsa, tout moun ki kont nou yo va wont, paske yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.
9Anseye moun ki esklav kijan pou yo viv. Se pou yo toujou prèt pou rann mèt yo sèvis tout tan. Se pou yo chache fè mèt yo plezi, san yo p ap chache fè diskisyon ak yo. 10Esklav yo pa dwe nan vòlè bagay mèt yo, men se pou yo montre yo diy de konfyans. Konsa, nan tout sa y ap fè, y ap fè moun respekte ansèyman ki konsène Bondye, Sovè nou an.
11Se kon sa nou ta dwe viv, paske Bondye fè gras li parèt klè, gras sa a se sous delivrans pou tout moun. 12Gras Bondye aprann nou pou nou pa viv nan opozisyon kont Bondye epi pou nou refize viv dapre dezi nou genyen pou n ta swiv move bagay ki nan mond lan. Se pou nou panse byen sou jan n ap viv nan mond lan jodi a, pou nou fè sa ki dwat epi pou nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye. 13Se kon sa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt. 14Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.
15Se kon sa pou w pale, ankouraje epi reprann moun yo ak tout otorite w. Pa kite pèsòn meprize w!

Chwazi Kounye ya:

Tit 2: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte