Wòm 3

3
1Alòs, Ki sa yon Jwif genyen anplis yon lòt moun? Ki sa sikonsizyon an itil yo? 2Se vre, Jwif yo gen anpil avantaj. Men sa ki pi enpòtan an: Bondye konfye yo Pwomès li yo. 3Se vre, kèk nan Jwif yo pa t fidèl ak Bondye. Men èske sa ap fè Bondye pa fidèl tou nan pwomès li? 4Swa jamè! Menm si tout moun ta enfidèl nan sa yo te pwomèt, Bondye ap toujou fidèl, l ap toujou fè sa l te di. Jan Pawòl Bondye di l la:
“Yo va jwenn ou dwat nan sa w di.
Epi si yo ta akize w,
w ap genyen pwosè a.”#Sòm 51:4.
5Men kijan kèk moun panse: Lè nou fè sa ki mal, sa montre aklè kijan Bondye jis. Konsa, èske n ka di Bondye pa fè byen lè l pini nou? 6“Pa ditou. Si Bondye pa fè sa ki byen, kijan l ta ka jije lemonn?”
7Yon moun ta ka di: “Lè m bay manti, sa bay Bondye glwa vrèman, paske manti m nan fè verite a Bondye a parèt yon jan fasil. Lè sa a, poukisa Bondye jije m kòm pechè?” 8Epi, poukisa n pa di: “Ann fè sa ki mal pou sa ki byen ka rive?” Anpil moun ap pale nou mal, y ap di se sa n ap anseye. Moun sa yo antò, yo ta byen merite kondane pou sa.
9Alò, èske nou menm Jwif, nou ta pi mal pase lòt moun yo? Non, nou te di deja, sa yo ki Jwif, menm jan ak sa yo ki pa Jwif, yo tout anba pouvwa peche.
Tout moun koupab
10Jan Pawòl Bondye di sa a:
“Pa gen yon moun ki fè sa ki dwat,
pa menm yon sèl.
11Pa gen yon moun ki konprann,
pa gen yon moun ki vle swiv Bondye.
12Yo tout vire do kite l,
yo tout pran move chemen.
Pa gen youn ki fè sa ki byen
pa menm yon sèl.”#Sòm 14:1-3.
13“Bouch yo se yon kavo tou louvri.
Yo sèvi ak lang yo pou bay manti pou twonpe moun.”#Sòm 5:9.
“Lang yo se menm jan ak yon pwazon ki soti nan sèpan.”#Sòm 140:3.
14“Bouch yo plen ak malediksyon mele ak pawòl di.”#Sòm 10:7.
15“Yo toujou prèt pou touye moun.
16Tout kote yo pase,
yo simen la twoublay ak destriksyon.
17Yo pa konnen kijan pou yo viv nan lapè.”#Eza 59:7-8.
18“Yo pa gen okenn krent ni respè pou Bondye.”#Sòm 36:1.
19Nou konnen sa Lalwa di se pou moun ki anba Lalwa. Sa fè pèsòn pa gen eskiz, lemonn antye anba jijman Bondye. 20Poukisa? Se paske pratike sa Lalwa di pa fè okenn moun vin jis devan Bondye. Okontrè, Lalwa montre nou peche nou sèlman.
Kòman Bondye fè moun vin jis
21Men kounye a, Bondye montre nou kijan li fidèl epi li jis. Se vre, lè Lalwa Moyiz la, ansanm ak pwofèt yo, yo te di sa gen pou rive, men fason li aji pa gen anyen pou wè ak Lalwa. 22Fidelite Jezikris#3:22 Fidelite Jezikris Oubyen “pa mwayen lafwa nan Jezikris”. fè nou konnen kijan Bondye bon epi fidèl. Sa a se pou tout moun ki mete konfyans yo nan li. M di tout moun, paske pou Bondye, tout moun se menm, li pa fè okenn diferans. 23Wi, tout moun fè peche, yo pa merite pataje laglwa prezans Bondye. 24Men Bondye deside fè nou tout gras nan delivre nou anba peche, pa mwayen Jezikris. 25-26Bondye ofri Jezi kòm yon mwayen pou l padone peche moun. Li te rive fè sa paske Jezi te rete fidèl jiska lafen. San l te koule epi li mouri sou kwa a pou chak moun. Sa montre kijan Bondye bon epi fidèl nan reyalize pwomès li te fè. Li te fidèl nan tan pase yo, li pa t pini moun poutèt peche yo. Li montre sa, nan tan pa nou an tou, kijan li fidèl nan kenbe pwomès li. Lè l bay Jezi kòm ofrann, se montre l montre kijan li jis epi kijan li aksepte moun ki patisipe nan fidelite Jezi a tankou moun ki jis.
27Konsa, pou noumenm Jwif, kisa ki rete pou fè fyète nou? Anyen. Bondye fèmen pòt tout fyète pou Jwif yo. Ki lwa ki di sa? Lalwa ki egzije zèv yo? Non, se lalwa ki mande pou n gen lafwa a. 28Mwen vle di, nou vin moun Bondye aksepte pa mwayen lafwa nou, men se pa poutèt sa nou fè nan swiv lalwa. Se sa nou kwè. 29Oubyen, èske Bondye se Bondye Jwif yo sèlman? Èske n panse Bondye pa Bondye pèp ki pa Jwif yo tou? Wi, li se Bondye pèp ki pa Jwif yo tou. 30Poutèt nou dakò se yon sèl Bondye ki genyen. Epi li p ap aksepte Jwif#3:30 Jwif Literalman, “sikonsizyon”. ki gen lafwa kòm moun ki jis devan l sèlman, men l ap aksepte moun ki pa Jwif#3:30 ki pa Jwif Literalman, “ki pa gen sikonsizyon”. yo ki gen lafwa, kòm moun ki jis devan l tou. 31Lè sa a, èske lafwa ranplase Lalwa? Paditou! Okontrè, sa m di la a, li konfime sa Lalwa vle fè.

Chwazi Kounye ya:

Wòm 3: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte