Wòm 10

10
1Frè m ak sè m yo, sa m ta renmen wè, bi priyè m pou pèp Izrayèl la, se pou yo tout ta rive sove. 2Men temwanyaj mwen bay pou yo: yo vrèman fè anpil efò pou ta fè sa Bondye vle, men yo pa konprann plan li. 3Yo pa konprann kisa Bondye fè pou l ka sove nou. Epi y ap eseye nan fason pa yo pou yo parèt jis devan Bondye. Konsa, yo derefize aksepte fason Bondye vle sove moun. 4Lalwa rive nan bout li ak Kris la ki akonpli tout sa Lalwa te vle. Kounye a, Bondye aksepte tout moun ki kwè nan Kris la.
5Paske, sou lajistis Lalwa bay la, men sa Moyiz ekri: “Moun ki fè sa Lalwa mande, y ap jwenn lavi ladan l.”#Lev 18:5. 6Men sa Pawòl Bondye di sou fason yon moun vin jis devan Bondye pa mwayen fidelite Jezi: “Pa mande tèt ou: Ki moun k ap monte nan syèl?” (Se ta pou l fè Kris desann sou latè.) 7“Epi, pa di: Ki lès ki pral desann nan pwofondè latè?” (Se ta pou n di “Ki moun ki pral fè Kris leve soti nan lanmò?”)
8Men sa Bib la di: “Mesaj la tou pre w, li nan bouch ou epi li nan kè w.”#Det 30:12-14. Se mesaj sa a Bondye voye, mesaj lafwa n ap preche a. 9Si ou temwanye ak bouch ou Jezi se Senyè, epi si w kwè nan kè w vrèman vre Bondye te resisite l, w ap sove. 10Wi, si nou kwè nan Jezi ak tout kè nou, Bondye fè nou vin lib devan l, lè nou temwanye lafwa nou ak bouch nou, Bondye sove nou.
11Wi, Pawòl Bondye di: “Nenpòt moun ki kwè nan li p ap janm wont.”#Eza 28:16 (Vèsyon Grèk la). 12Konsa, pa gen okenn diferans ant moun ki Jwif ak moun ki pa Jwif, paske yo tout gen menm Senyè ki pare pou beni tout moun ki rele l. 13Men sa Bib la di, “Nenpòt moun ki rele nan non Senyè a#10:13 moun ki rele nan non Senyè a Sa vle di moun ki fè lafwa yo parèt aklè nan adorasyon y ap ofri l oubyen moun ki priye l pou mande l sekou. ap sove.”#10:13 Sitasyon sa a soti nan Jow 2:32. Gade tou nan Egz 2:23-25.
14Men kijan pou yo envoke l si yo pa kwè nan li? Kòman pou yo rive kwè nan li san yo pa tande l? Kòman pou yo rive tande, si pa gen moun k ap preche? 15Kòman pou fè gen moun k ap preche, si pèsòn pa voye yo? Dapre sa Pawòl Bondye di: “Ala bèl sa bèl, lè w wè moun k ap pote Levanjil la ap rive!”#Eza 52:7.
16Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?”#Eza 53:1. 17Konsa, lafwa vini lè nou tande Bòn Nouvèl la, epi nou tande Bòn Nouvèl la lè yon moun pale nou de Kris la.
18Men mwen di, “moun Izrayèl yo pa vrèman tande sa, pa vre?” Men wi, yo tande l. Ou konnen sa pòsyon Pawòl Bondye sa a di:
“Yo tande vwa a gaye toupatou sou latè,
mesaje yo rive tout kote nan lemonn.”#Sòm 19:4.
19Men m ap poze tèt mwen kesyon ankò, “moun pèp Izrayèl la pa t konprann sa, pa vre?” Wi, repons lan nan sa Bondye te gentan di anvan pa mwayen Moyiz:
“M ap sèvi ak moun ki pa yon vrè nasyon
pou m fè nou vin jalou.
M ap sèvi ak moun ki pa gen bon konprann
pou m fè nou fache.”#Det 32:21.
20Epi Ezayi pran kouraj li ak de men pou l di:
“Moun ki jwenn mwen,
yo pa t menm ap chache m.
M fè menm moun ki pa t ap mande
pou mwen konnen m.”#Eza 65:1.
21Men, sou Izrayèl, Bondye di:
“Tout lasent jounen, m ap lonje men m bay pèp la,
men yo dezobeyisan epi yo rebèl.”#Eza 65:2.

Chwazi Kounye ya:

Wòm 10: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an