Wòm 1:18-32

Wòm 1:18-32 VKF

Nou wè tou, kijan Bondye montre kòlè li kont tout move zak moun ap komèt devan l. Yo pa gen okenn respè pou Bondye, y ap komèt move zak youn kont lòt. Mechanste lavi yo anpeche moun konnen verite a sou Bondye. Bondye an kòlè kont yo, paske yo te dwe gen plis konesans, pa vre? Yo konnen tout sa moun ka konnen sou Bondye. Wi, paske Bondye, li menm, li montre yo tout sa aklè. Gen bagay Bondye genyen moun pa ka wè: egzanp puisans san limit li ak sa ki fè Bondye se Bondye toutbon vre. Tout bagay sa yo, moun ka konprann yo byen fasil nan sa Bondye fè, depi nan kreyasyon an. Bondye fè yo parèt byen klè nan sa l fè. Se poutèt sa, pa gen eskiz pou pèsòn. Paske, menm lè yo te konnen Bondye, yo pa t ni adore l jan yo te dwe adore l ni di l mèsi kòm sa dwa. Okontrè, panse yo te vin menm jan ak panse moun fou epi lespri yo te egare nèt plonje nan fènwa. Menm lè yo te pran pòz yo saj, se fou yo te fou. Olye yo adore Bondye k ap viv pou tout tan an, yo te brade li ak adorasyon yo bay zidòl yo, bagay yo fè ki sanble ak moun ki ka tonbe malad epi ki ka mouri. Yo te fè yo pou yo ka sanble ak zwazo, zannimo ak bèt ki mache trennen sou vant. Poutèt sa, Bondye livre yo pou yo fè sa lide yo di yo. Sa lakòz yo dezonore pwòp tèt yo nan komèt move zak. Yo vann verite a sou Bondye nan bay manti. Yo adore epi yo sèvi bagay Bondye kreye, olye yo adore Kreyatè a, Bondye beni an ki merite adorasyon pou tout tan. Amèn. Poutèt yo pa adore Bondye, Bondye livre yo pou yo swiv dezi kè yo, bagay k ap fè yo wont. Olye fi swiv prensip natirèl Bondye mete pou yo kouche ak gason, yo prefere kouche ak fi parèy yo. Olye gason swiv prensip natirèl Bondye mete pou yo kouche ak fi, yo prefere gen anvi pou gason parèy yo. Moun sa yo ap fè tout voksal sa yo youn ak lòt nan gen rapò ak gason parèy yo. Sa fè wont! Poutèt sa, yo jwenn sa yo merite, paske yo pran distans yo ak verite a. Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè. Yo plen ak tout kalite enjistis. Yo fè sa ki mal, yo pote anvi sou bagay ki pa pou yo. Yo mechan, yo plen ak jalouzi. Yo fè kont ak moun, yo touye moun. Yo twonpe moun, yo bay manti sou yo epi yo vle fè moun mal. Y ap pale youn lòt mal. Yo rayi Bondye. Yo ensolan, yo gen lògèy, yo lwanjè. Yo envante fason pou yo fè sa ki mal. Yo pa obeyi paran yo, yo pa gen bon konprann, yo pa kenbe pwomès yo, yo pa montre okenn jantiyès, yo san pitye pou lòt moun. Yo byen konnen Lalwa Bondye a di moun k ap viv kon sa dwe mouri. Men, non sèlman yo kontinye ap aji konsa, yo aplodi moun k ap fè menm bagay sa yo tou.

Li Wòm 1