Rev 5

5
Ki moun ki kapab louvri woulo a?
1Lè sa a, m wè yon liv sou fòm yon woulo nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. Woulo sa a te ekri toude bò, anndan kou deyò. Liv la te fèmen epi yo poze sèt sele sou li. 2Epi m wè yon anj puisan ki t ap kriye byen fò: “Ki moun ki diy pou kase sele yo epi louvri liv la?” 3Men, ni nan syèl la, ni sou tè a, ni anba tè a, pa genyen pèsòn ki te kapab kase sele yo pou gade anndan liv la. 4Mwen te kriye anpil, paske pèsòn pa t diy ase pou louvri liv la, pèsòn pa t diy ni menm pou gade sa ki ladan. 5Men youn nan pèsonaj ansyen yo te di m konsa: Ou pa bezwen kriye! Lyon#5:5 Lyon Nan kontèks sa a, se yon fason pou pale de Jezi. ki soti nan Jida a, ki soti ras fanmi David la, li kapab louvri woulo liv la epi kase tout sèt sele yo.
6Lè sa a, mwen wè yon Ti Mouton kanpe toupre twòn nan, antoure ak kat kreyati vivan yo. Ti Mouton an sanble ak yon mouton yo te ofri an sakrifis. Li gen sèt kòn ak sèt zye. Sèt je yo se sèt espri Bondye voye toupatou sou la tè. 7Ti Mouton an avanse epi li pran woulo liv la nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. 8Lè Ti Mouton fin pran woulo liv la, kat kreyati vivan yo ak 24 pèsonaj ansyen yo tonbe ajenou devan l. Yo chak te gen yon hap nan men yo. Yo te genyen plizyè bòl an ò tou, plen ak lansan, ki se priyè moun pa Bondye yo. 9Yo t ap chante yon nouvo chan:
“Ou diy pou w pran woulo liv la
epi pou kase sele yo,
paske ou te mouri an sakrifis,
epi ak san ou, ou te achte pou Bondye
moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.
10Ou fè ak yo yon wayòm sakrifikatè pou Bondye nou an,
y ap gouvènen ansanm avè l sou tè a.”
11Epi m gade, m tande vwa yon pil anj. Anj yo te reyini toutotou twòn nan, kreyati vivan yo ak pèsonaj ansyen yo. Se te pa miryad ak pa milye yo te konte!#5:11 miryad ak pa milye yo te konte Sa vle di 10,000 fwa 10,000. 12Zanj yo t ap di byen fò:
“Tout pouvwa, tout richès, tout sajès, ak tout puisans
se pou Ti Mouton an ki te mouri an sakrifis la.
Li diy pou l resevwa
onè, glwa, ak louwanj!”
13Lè sa a, m tande tout kreyati ki nan syèl la ak sou tè a epi anba tè a ak nan lanmè a, tout bagay tout kote, yo tout t ap di:
“Tout louwanj ak onè
ak glwa ak puisans pou tout tan gen tan,
se pou moun ki chita sou twòn nan ansanm ak Ti Mouton an!”
14Kat kreyati vivan yo di konsa: “Amèn!” Epi pèsonaj ansyen yo pwostène ajenou, yo t ap adore.

Chwazi Kounye ya:

Rev 5: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte