Rev 11

11
De temwen yo
1Apre sa, yo ban m yon baton ki fèt ak bwa wozo pou m mezire. Yo di m: “Al mezire tanp#11:1 tanp Mezon Bondye, se kote moun vini pou adore Bondye. Isit la, Jan wè li sanble ak yon mezon espesyal ki bati nan Jerizalèm pou adorasyon pèp Jwif la. Se menm bagay nan vèsè 19. Bondye a, ansanm ak lotèl la. Epi konte ki kantite moun k ap adore anndan l. 2Men, kite lakou tanp lan, pa mezire l. Paske, yo kite l pou moun ki pa pou Bondye yo. Yo va montre pouvwa yo genyen sou Vil sent lan pandan 42 mwa. 3M ap bay de temwen yo pouvwa pale nan non Bondye ak rad dèy sou yo, y ap pale nan non Bondye pandan 1,260 jou.”
4De temwen sa yo, se de pye olivye yo. Yo se de lanp yo tou, ki kanpe devan Senyè a k ap domine sou tout latè. 5Si yon moun vle fè yo mal, yon dife ap soti nan bouch yo pou detwi lènmi yo. Wi, se kon sa moun ki vle fè yo mal dwe mouri. 6Temwen sa yo gen pouvwa pou fè lapli pa tonbe pandan tout tan y ap pale nan non Bondye a. Yo gen pouvwa pou fè dlo tounen san. Yo ka frape latè ak tout kalite dezas, de tanzantan, jan yo vle.
7Lè yo fin temwanye, bèt ki te soti nan twou san fon an ap batay avèk yo, l ap gen viktwa sou yo epi l ap touye yo. 8Kadav yo ap rete nan lari, sou plas gwo lavil la. Yo bay Lavil sa a yon non an daki, yo rele l Sodòm ak Lejip. Se kote yo te klouwe Senyè a sou kwa a. 9Moun tout nasyon, tout tribi, tout lang, tout peyi, va vini pou wè kadav yo pandan twa jou edmi. Moun yo p ap kite yo antere yo. 10Tout moun sou latè ap kontan poutèt yo mouri. Y ap fè fèt, youn ap bay lòt kado, paske de pwofèt sa yo te fè moun soufri anpil.
11Men, apre twa jou edmi, Bondye soufle yon souf lavi sou yo ankò. Yo leve kanpe sou de pye yo. Lè sa a, tout moun ki te wè yo te pè anpil. 12Apre sa, de pwofèt yo tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di yo: “Monte isit!” Yo monte nan syèl, nan yon nyaj, devan je lènmi yo.
13Nan menm lè sa a, te gen yon gwo trannmantè vyolan. Yon dizyèm pati nan vil la kraze epi 7,000 moun te mouri nan trannmantè a. Moun ki pa t mouri te nan lapèrèz, yo t ap fè lwanj pou Bondye ki nan syèl la.
14Dezyèm malè a pase. Men twazyèm malè a nan wout ap vini byen vit.
Setyèm twonpèt la sonnen
15Setyèm zanj lan sonnen twonpèt la. Yon bann gwo vwa soti nan syèl la. Yo t ap di:
“Kounye a, wayòm mond lan se pou Senyè nou an ansanm ak Mesi li a,
l ap renye sou li pou tout tan gen tan.”
16Lè sa a, 24 granmoun yo, ki chita devan Bondye yo tonbe fas a tè devan twòn Bondye a, yo t ap adore Bondye. 17Yo t ap di:
“N ap di w mèsi, Senyè Bondye Toupuisan.
Se ou menm sèl ki egziste epi ki te toujou egziste.
Mèsi paske ou sèvi ak gwo puisans ou genyen
epi ou tabli pouvwa w.
18Nasyon yo te an kòlè,
men kounye a, kòlè pa w rive.
Kounye a, jou jijman mò yo rive.
Lè a rive pou rekonpanse sèvitè w yo, pwofèt yo,
pou rekonpanse moun ki apa pou ou yo,
ansanm ak sa yo ki gen krentif pou non ou yo,
piti kou gran.
Lè a rive pou ou detwi
moun sa yo ki t ap detwi latè yo!”
19Lè sa a, tanp Bondye a ki nan syèl la te louvri. Kòf Alyans lan te la, nan tanp lan. Te gen anpil zeklè, anpil bri, anpil kout loray, yon trannmantè ak anpil gwo moso glas ki t ap tonbe a tè.

Chwazi Kounye ya:

Rev 11: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte