Apre sa, Jezi ak disip li yo kite kote yo te ye a, yo t ap vwayaje nan Galile, li pa t vle moun konnen ki kote yo te ye. Li te vle anseye disip li yo sèlman. Li te di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a li gen pou l resisite.” Men disip yo pa t konprann sa l te vle di, men tou yo te pè mande l sa pawòl la vle di. Jezi ak disip li yo ale Kapènawòm, epi lè yo rive nan kay la, li mande yo: “Kisa nou t ap diskite sou wout la konsa?” Disip yo pa reponn paske sou wout la yo t ap diskite pou konnen kilès nan yo ki pi gran? Jezi chita, li rele douz disip yo epi li di yo: “Nenpòt moun ki vle premye se dènye pou li ye, epi li dwe sèvi tout moun.” Se kon sa Jezi pran yon timoun, li mete l kanpe devan yo. Li kenbe timoun nan nan bra l epi li di yo: “Nenpòt moun ki resevwa youn nan timoun sa yo nan non mwen, se mwen li resevwa. E nenpòt moun ki resevwa mwen, se pa mwen sèlman li resevwa, men tou, se moun ki voye m nan li resevwa.”
Li Mak 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 9:30-37
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo